Yon Plant pou Gason Djougan ak Fanm Vanyan
Non Popilè Damiana genyen an Ayiti:
Ten Savann | Orèg Mawon | Zonbi nan Bwa
Non syantifik: Turnera diffusa | aphrodisiaca (lòt espès ou ka sèvi)
Non Famasetik: Folium Turnerae
Anglè: Damiana, Mexican damiana, Mexican holly,
Panyòl: Pastorcita, Hierba de la pastora, Hierba del venao, Damiane, Misibcoc.
Franse: Thym savane

Gou Plant lan: Anmè, rak
Se yon plant cho, sèk, elatriye
Youn nan gwo plant ki efikas pou trete pwoblèm andirans, bann, fanm kou gason ki manke apeti taye, moun ki manke sou sa, moun libido yo ba, gason kòlmòzò mòlòlò bonjou pwèl, feblès seksyèl, nèg k ap tonbe sou teren pandan match la, nèg 1 grenn ke se bout yo k pa bay tout kalite eskiz.
Men jan w ka prepare ak doze plant sa si w ta vle eseye li: bouyi 1 ti kiyè pou chak gode dlo, pou yon 5-7 minit ou ka ajoute ti siwomyèl. Pozoloji: Limite tèt nou ak 2-3 tas pa jou. Si se nan boutèy tranpe nan kleren 1-4 ti chòt X jou. Pinga malè abize kosomasyon plant sa twòp. Limite kante w ap pran chak jou.
Anpil moun ki nan domèn remèd natirèl konnen Damiana men yo pa konnen lòt non li genyen, epi pa panse nou genyen l ann Ayiti. Wi nou genyen l e se li nou rele « ten savann » nan. Se yon plant awomatik ki nan lafanmi plant « mant » yo. Moun ki pa konnen panse se yon raje li ye ann Ayiti poutan se yon medikaman ki vann anpil nan plizyè peyi sou latè. Se menm li menm tou yo bay non Orèg Mawon oswa Zonbi Nan Bwa nan kèk lòt lokalite.
Se youn nan gwo afwodizyak ki genyen sou latè men an Ayiti nou genyen l, nou plis itilize l pou balonnman, gaz, gonfleman ak dijesyon. Se fèy la nou konn bouyi. Tandiske gason mòlòlò k ap fè bèk atè yo ta dwe itilize plant sa. Se pa lyann bande, bwa kochon, zo devan, elatriye pou n ap pede itilize sèlman. Gen yon pil lòt plant ki nan peyi a, yo pran pou raje men se plant ki puisan anpil. Se youn nan plant pou bann ak bande ki popilè sou mache entènasyonal la.
Kèk Lòt Fason w Ka Itilize Plant sa Pou Ogmante Libido, Bann, Stamina
Ou ka chode fèy la ak flè a nan dlo cho (enfizyon) pou yon ti tan, epi apre ou pase l nan paswa ou bwè, oswa ou ka tranpe l nan yon ti kleren lese l byen tranpe epi w ka pran yon ti bagay ladan l anvan w ale fè bagay (relasyon seksyèl). Si w gen yon boutèy bann oswa yon ti kleren (Ronm, Gin, Vodka, ets) ou ka mete kèk ti branch fèy ak flè tranpe pou omwen 10 jou, ou ka itilize gwòg melanj sa lè w vle pou revitalize enèji w, mete gason sou ou, paske yon konba ret yon konba.

Ten savann trete anpil maladi tankou enfeksyon irinè, li balanse òmon moun, si w gen anpil strès, perèz ak depresyon, si w toujou ap nève, plant sa ap ede fòtifye sistèm nève santral la epi kalme strès emosyonèl ou. Fèy la bon pou anpil koze tankou bwonchit, dyare, lafyèv, opresyon, se yon bon tonik pou nèf ak misk moun. Ou ka respire vapè plant lan bouyi pou kwape tèt fè mal, l ap fè w pipi. Plant sa chaje lòt benefis nou p ap ka fin site tankou li testostewogenik, antisepik, ekspektoran, laksatif (pa twò fò), ipo-tiwoyid, elariye. Chache definisyon tèm teknik yo sou paj a.
ATANSYON: M pa ankouraje moun fimen menm, men gen oun ki fimen plant sa pou yo ka hay. Li gen puisans pou voye moun nan nyaj vre, yo ka itlize l pou fè w reve ou vwayaje ant somèy revèy, ou fè kèk eksperyans astral. Se pa yon plant pou n konsome anpil, asire n kontwole dozaj la oswa konsilte yon pwofesyonèl sante. Si w fè maladi sik, tansyon, si w pral opere nan espas 1-2 semèn, si w ansent oswa ap bay bebe tete pa konsome plant sa. Anpil fwa maladi sik fè n pèdi bann nou, plant sa pa bon solisyon an, gen lòt bagay nou ka pran tankou maka (Maca).
Medikaplant
. Abòne | Like | Pataje pòs #Medikaplant pou n ka jwenn plis ak ede lòt moun jwenn èd gras ak plant nan lanati.
Medikaplant | #Damiana | #Ten_Savann

Sante w se responsabilite w
Toujou fè rechèch pèsonèl pa w
anvan w konsideran konsome plant, konsilte doktè w oswa pwofesyonèl swen sante w.


