
Sa se yon priyè adorasyon yo bay non « G’vurot » (Toupuisan). Tematik prensipal pati sa nan priyè sa santre sou Toupuisans Bondye. Priyè sa nan lang Hebre li ye. Gen tèlman kichòy nou te ka touche nan priyè sa men nou pral dirèk nan pwen n vle touche pou elèv MedikaPlant yo sèlman, zòzòyè pa ladan l:
1) Yo ekri ak li Hebre soti sou men dwat ale sou men agoch, sa diferan ak kreyòl, fransè, anglè, elatriye. Kidonk, si n ap li premye liy priyè a, n ap kòmanse nan pwent adwat la pou n ale agoch. Men 4 premye mo ki louvri pati sa: אתה גבור לעולם אדני (nou ka pwonse l « ATAH gibor l’olam, Adonai« . Yon tradiksyon kreyòl rapwoche ap ba n sa: « Se Ou k Toupuisan pou toutan, Oh Seyè » oswa « O Seyè! Ou Puisan Pou Toutan« , ets…Sa ki komik, w ap wè anpil swadizam rityelis 2.0 k ap joure moun ki kwayan, ki gen diskou swa ate oubyen « pate »
, vye pate rasi wi, y ap repete mo sa yo toutan nan rityèl kòm gwo fòmil kabalistik oswa mistik. Genyen k ap menm di w ka sakre zouti mistik avèl, ou ka beni dlo, ou ka repete yo kòm mo pouvwa nan divès kalite sikonstans. Ironi oswa inyorans? Antouka, an n avanse. Pandan moun sa y ap di w Bondye pa ekziste yo pa menm remake se majeste etènèl li, se puisans li y ap vokalize nan etènite l. E se sou sa yo repoze tout chaj pouvwa y ap chaje nan resital kichòy sa. Zòzòyè se gwo koze.

– Gen lòt menm k ap di w, gad gwosè sekrè ou di mwens mo pouvwa misye ap lage devan pwofàn yo, alòske priyè a pibliye toupatou. W ap menm jwenn vèsyon mizikal sou entènèt la, elatriye. Nan kominote pa Ayisyen an, li rete yon tòp sekrè pou « lèzinisye. » Adje! Fè eksperyans, jis Google nenpòt mo nan priyè a oswa ti bout, w ap jwenn yo fètefouni pou tout je founi gade.
2) Yon ti degi enpòtan si w pa t konn sa: an nou konsidere yon mo swadizan « mistik » (m mete an giymè wi souple) n ap jwenn nan anpil resèt oswa rityèl y ap repete toutan kò mo pouvwa oswa vektè aktivasyon: mo a se AGLA (Hebre a se אגלא). Nou pa bezwen pè ni kouri pou mo a, li p ap ni fè n avèg, ni fou (
), pa okipe mesyedam yo non. Mo sa se yon Notarikon (nan grèk se νοταρικόν) anbrèf se yon akwonim (yon kalite sig) kabalistik kote yo ka fòme kèk neyolojis oswa konsèp apati lòt mo lè yo pran kèk lèt nan yon gwoup mo, pa ekzanp. Nan ka AGLA yo pran lèt inisyal yo, sa vle di premye lè nan 4 premye mo nou te site ki nan kòmansman priyè sa, pi wo a: אתה גבור לעולם אדני (lè yo romansize l pou n ka pwononse l, li ba nou ATAH gibor l’olam, Adonai). An n gade demach la byen:
– Pa bliye nan Hebre nou kòmanse adwat ale agoch nan ekriti kou nan lekti
Premye moso priyè a se אתה גבור לעולם אדני
a) אתה = ATAH premye lèt mo sa -> א
b) גבור = gibor premye lèt mo sa -> ג
c) לעולם = l’olam premye lèt mo sa -> ל
d) אדני = Adonai premye lèt mo sa -> א
Lè n kole tout 4 premye lèt nan 4 premye mo priyè a nou jwenn notarikon (akwonim oubyen sig) sa: אגלא jan nou te site pi wo a. Se mo sa yo pwononse oswa eple ak karaktè lang roman (se pou sa m te itilize vèb romansize pi wo a) ki bay AGLA. Kit ou itilize karatè hebre pou ekri אגלא oswa ou eple l ak karaktè ou ka pwononse tankou AGLA, se moso fraz priyè lwanj pou puisans Granmèt Souf la ou repete: « Oh Seyè! Se Ou k Toupuisan pou toutan. «
AGLA AGLA AGLA
Lè w nan Limyè SILA KI PA GEN SOU TÈT LA, GRANMÈT SOUF LA, Sèl li ki ka kreye ak soufle lavi a, w a pèse mistè nan limit lòm. W a wè atravè konfizyon ak inyorans zòzòyè. W a ka di Elokans Yanki Atakoye nan tout dimasyon l.

Men jan nou ka transkri l priyè a an vèsyon romansize:
ATAH gibor l’olam, Adonai, m’chayeih hakol atah, rav l’hoshia. M’chalkeil
chayim b’chesed, m’chayeih hakol b’rachamim rabim, someich noflim, v’rofei
cholim, umatir asurim, um’kayeim emunato lisheinei afar. Mi chamochah
baal g’vurot umi domeh lach, melech meimit um’chayeh umatzmiach y’shuah.
V’ne-eman atah l’hachayot hakol. Baruch atah, Adonai, m’chayeih hakol.
(Se youn nan vèsyon popilè w ap jwenn nan anal piblik sou nèt la fasilman)
________________________________
Pi wo a nan pòs la nou te pale sou premye bout pawoli nan priyè adorasyon sa: ATAH gibor l’olam (AGLA).
Plizyè vèsyon tradiksyon ka fèt men lesansyèl se eseye tradui nannan mesaj la (ki nan vèsyon sa nou poste a) nan tout kontèks li pandan nou konsidere demach « lokalizasyon lengwistik » nan tradiksyon sa pou asire l fè sans ak konekte ak kreyolopal k ap li tèks la jounen jodi a nan lang Ayisyen an. Men yon kalite pawòl rapwoche, vèsyon kreyòl:
» Ou Puisan Pou Toutan, Adonai (Seyè): Se ou k bay tout bagay lavi.
Ou alimante lavi atravè lanmou, ou bay tout bagay lavi ak anpil konpasyon, ou bay sila ki tonbe yo zepòl, geri malad yo, libere prizonye (kaptif) yo, grasye sila k ap dodomeya nan pousyè yo. Kiyès ki tankou w, Sous gran zèv puisan?
Kiyès Ki sanble avè w, yon Souveren ki pran ak bay lavi,
ki ka lakoz delivrans djayi epi fidèlman bay tout sa k ekziste lavi? «
– Kòm powèt ak lengwis alafwa, nou ka rann vèsyon tradiksyon òganik sa plis powetik, men nou jije non sèlman sa ka kwape nannan priyè a, men tou se pa sa ki fokis ti rale sa. Se yon travay jis pou kore rale-mennen-vini nou fè sou mo AGLA ak ironi makiye ak inyorans yon swadizan diskou ate pakoti alamòd jounen jodi a, kote yon dal djèg vityèl « analux » (pou m evite redondans mo zòzòyè a
) vle fè inosans kwè pa gen Bondye pandan y ap repete AGLA nan rityèl chak jou, oswa bat pakè lòt ti bout priyè jwif ou kretyen anpil fwa, kòm mo pouvwa.
Antouka, n ap gra la!
Ou Beni, Adonai (Seyè), Ou ki Bay tout bagay lavi.
Hois!
Medikaplant
Yon Platfòm Limyè Pou Sove, pwolonje ak Pwoteje lavi



😂inyorans ta sipoze nan lis peche ui adjeee
Mèsi pou pasaj ou Marco. Tout moun gen dwa sou opinyon pa yo.