
Bannann boukannen
+ Siwomyèl
Medam bay nèg mòlòlò nou yo kichòy serye ki byen senp e ki bon pou sante yo.
Men yon lòt ti sekrè ki efikas nou ka fè si n ap chache pwolonje plezi a pou fè kè tou de moun ki enplike nan aksyon an kontan e byen satisfè:
Pran yon ti poud jiwòf brase nan yon ti kleren.

Klike la pou w jwenn lòt dòz pou ede w rezoud pwoblèm andirans, bann, stamina: https://medikaplant.org/?s=bann
Klike sou de (2) lyen pi ba yo pou aprann monte boutèy ak fè remèd pou bann ak libido plis lòt kichòy pou gason djanm:
DÒZ #1 POU BANN: Monte Boutèy LIBIDO ak ANDIRANS
DÒZ #2 POU BANN | BÈK ATÈ | LIBIDO | ANDIRANS

Yon Resèt JI GASON KANSON:
Blennde ansanm pou ka bwè melanj kèk nan fwi sa yo: Tamaren – jenjanm – Melon – Bètrav – kawòt – Grenadya – pòmgrenad. Ajoute ti poud miskad ak kanèl si w genyen. Pran l ak siwomyèl. Si w lòt bò w pa jwenn poud Maca ajoute ladan l. Ou ka toujou mete poud moringa paske l pi fasil pou jwenn oswa ou ka konpoze poud ou, seche fèy yo epi pile yo.
Lè w ap melanje plant chak gwoup plant gen wòl yo. Pou w aprann manipile plant yo byen poy konpoze remèd ou pou kont ou ale sou bouyon Aprann Fè Remèd la nan Ba Meni ki nan tèt sit l, anlè adwat; oubyen tou ou ka klike sou lyen sa: https://medikaplant.org/category/aprann-fe-remed/
![]()
Pataje! Pataje! Pou ede yon nèg sispann wont!
Medikaplant


