Dòz #1, w ap jwenn lòt dòz sou sit Medikaplant lan ki ede gason vin djougan nan kabann.
Fason pou monte boutèy bann nan pou yon nèg Mòlòlò:
Men engredyan ou bezwen pou w mete nan on boutèy ou bokal kristal w ap monte pou ede w ak pwoblèm 1 minit la lè w ap fa ak boubout ou.
ENGREDYAN AK DETAY: Chache Ten Savann (orèg mawon | Damiana) melanje ak anpil jiwòf (sa se kle), kèk grenn miskad pa kraze yo twòp, jenjanm, asowosi, safran, ti pwav, doliv (moringa), mete yon ti kal fèy twonpèt, achte bwa kochon, grenn melon ak grenn joumou, lyann bande, zo devan, 3 pawòl, zokrikri, kanèl, vlope bazilik frèch fouye nan boutèy la, anetwale, kòs bwadòm, kòs zaboka, lyann savon, kòs tamaren, sitwonèl kòs mabi, 1 bout bwapen, mete yon ti kadav gate ladan l. Graje yon ti annikòn mete nan boutèy la.

PREPARASYON:
Mete tout nan boutèy, lage ti madè ladan l, ti diven wouj, epi vide bon kleren move ladan. Lese l masere nan boutèy la pou omwen 10 jou anvan w ale ladan l. Si l rete pou 21 jou li bon nèt. Mete boutèy la nan lonbray ou fènwa kote solèy p ap jwenn li. Pa ekzanp anba kabann, tèt kabann, amwa, kabinèt, elatriye.
Si w jwenn majorite plant you ou ka monte boutèy la kanmenm,ou pa oblije jwenn tout. Lè w ap melanje plant chak gwoup plant gen wòl yo. Pou w aprann manipile plant yo byen poy konpoze remèd ou pou kont ou ale sou bouyon Aprann Fè Remèd la nan Ba Meni ki nan tèt sit l, anlè adwat; oubyen tou ou ka klike sou lyen sa: https://medikaplant.org/category/aprann-fe-remed/
![]()
Pataje! Pataje! Pou ede yon nèg sispann wont!
___________////___________///_______________________
#Medikaplant | #Bann | #andirans | #Staminia | #Libido



Ki PRI boutèy la svp. M pa wè l sou sit la.
Bonjou Dan, mèsi pou enterè w! Pou pri ak disponiblite, ekri nou sou WhatsApp ofisyèl Medikaplant: +1 (954) 529-0705. Se sèl nimewo ofisyèl nou, li gen badj ble ✔️ verifikasyon an. N ap ba ou tout enfòmasyon. Pou achte pwodui yo, ale sou medikaplantshop.com. Pou klas ak fòmasyon, ale sou hoismedikaplant.com.
@Kendrick, si ou vle achte boutèy sa nan Medikaplant, kontakte nou nan 954 529 0705 jodi a menm. Ou ka voye yon mesaj tou pou nou.
W ap jwenn tout dòz pou sa yo sou sitwèb la oswa sou paj Facebook.com/medikaplant
Slt
Mw gen 3 kesyon
1)kijan Mw kapab netwaye ren’m yo?
2)kijan Mw k netwaye fwa’m?
3)e kijan tou Mw k fè dializ NATIREL pou san’m?
Eskize n pou reta a. Ren, fwa ak san se pwoblèm serye. Pou dializ, sa se yon tretman medikal ki pa ka ranplase ak plant. Tanpri pale ak yon doktè. Pou yon detoks lejè, pran yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/
Kote map jwenn boutey sa achte svp .
Eskize n pou reta a. Ou ka jwenn pwodwi yo nan boutik nou an: https://medikaplantshop.com oswa ekri nou sou WhatsApp nan 954 529 0705.