Beny Remanbre: l ap ede w reprann manb, vitalite, gangans, si w santi w fèb, vid, si w santi w lwen, si w pran anpil baf ou frap, si w leve anba vye maladi, si w jwenn bezwen rekonfò oswa jèvrin, si pa ka konsantre ou fokis, si w toujou anba pèsekisyon.
Nou ka fè l nan fen ane – oswa kòmansman ane
Engredyan:

3 men/ponyen fèy bazilik, 1 men/ponyen Tibonm (mant), 1 bout Lalwa, 3 tèt sitwon, 2 bout bwa pen ak bwa gwo medsiyen ak bwa pini, 3 fèy Twa Pawòl, 1 ti kouwòn asosi, 7 fèy Ave, 3 ti branch 3 Zòm Fò, 1 ti branch Sansès (li rele fèy Kaka Poul), 3 dan Lay (garlic), 21 grenn jiwòf (cloves), 1 ponyen sèl grenn (sea salt), 3 bidon dlo lanmè (sea water), 1-2 galon dlo frèch (dlo tiyo / tap water), 3 bouchon kleren blan (White Rhum, Vodka, Gin), 2 bouchon alkòl blan, 3 gout pafen (Florida ou nenpòt sa a sèvi). Si w jwenn plant Wou (Yo rele l Rue oswa Ruda tou) ajoute l.
PREPARASYON:
W ap melanje tout egrandyan yo ansanm nan yon veso, ajoute tout likid yo ak tout plant yo, li ka yon kivèt oswa yon bokit nenpòt koulè, li pa oblije blan. W ap fwote fèy yo byen fwote ansanm, si gen plant ki gen pikan tankou lalwa ak Bwa Pini, asire w retire pikan yo pou w pa pike. Lese beny lan fè ti chita pou l byen melanje (enfize). Ou ka lese l pase omwen 30-45 minit nan solèy si se lajounen; si se anndan kay oswa nannwit ou kapab jis lese l chita pou menm tan an. Apre sa itilize yon moso savon lave san sèvi (ki poko itilize) pou w benyen. Lè w fin benyen ranmase ma beny yo ak tout moso savon an voye jete. Ou pa oblije jete yo imedyatman, ou ka fè sa jis apre ou nan demen maten. Pinga itilize anyen w te mete nan beny lan ankò menm moso savon an, se pou w jete tout sof veso w benyen an.
PLIS ENFÒMASYON:
– Beny Remanbre oswa Beny Deblokaj la bon pou moun ki toujou ap reve yo nan men klas lekòl yo pase deja yo, oswa yo wè y ap pran ekzamen men jamè pase oswa fini ekzamen an. Ou fin pase klas la ou wè w tounen dèyè nan menm klas la, ou ka wè w ak inifòm ou nan lekòl la nan sal klas ap konpoze, toutan w ap fè menm rèv la. Ou ka wè w ak rad ou te genyen lè w te timoun piti oswa ak menm rad sou ou toutan. Fè beny sa 7 fwa pandan 7 jou youn apre lòt nan men lè, ou ka chwazi lè w vle a. Anvan w fè 7 beny Remanbre yo, fè 1 beny Limyè anvan sa, w ap jwenn li sou paj Medikaplant.
– Li bon sitou lè w vle oswa fin soti anba kontwòl ak enfliyans yon move enèji oswa relasyon toksik. Lè w dewoute ou vle reprann wout pa w. Lè w sante je w pa fin klè, desizyon w yo pa parèt natirèl ou nòmal. Lè w santi w vle gen plis jèvrin pou fòtifye tèt ou, epi w pare pou yon nouvèl etap. Lè w pral nan yon rankont ou echanj vèbal ak yon moun ou pa vle domine sou ou ankò. Li bon pou moun ki pa stab nan desizyon ki toujou ap chanje lide nan dènye moman.
Sa w Dwe Konnen:
Ou ka fè beny nou yo nenpòt jou, si jou a enpòtan n ap presize sa nan pòs la, si n pa mete jou obligastwa ak lè konenn l pa bezwen sa. Pa fè simagri limen okenn balèn ni salye 4 fasad. Plant yo deja gen pouvwa pou geri nou pou kont yo, se pa yon lespri k ap vin mete l ladan l. Si nou vle fè sinema se nou menm. Si gen remèsiman se Granmèt Souf la pou nou bay li paske se li gen sekrè kreyasyon tout sa ki ekzsite yo.
Li ede w kwape move enèji sitou ki te nan anviwònman ou twò lontan oubyen lè w santi kò w chanje men pa nan bon fason. Li bon tou si w leve anba yon vye maladi.
Nòt:
Si w pa jwenn dlo lanmè, pa enkyete w, jis asire w mete 1 bon ponyen grenn sèl (sèl lanmè / sea salt ou itilize nan kizin ou) ladan beny lan. Reli pòs la 2-3 fwa anvan w chache plant pou beny lan pou w asire w byen konprann. Ou pa oblije gen tout fèy yo pou fè beny sa, men pou garanti yon rezilta maksimòm, li preferab pou gen tout. Pou jwenn non plant yo nan peyi ou lang ou vle a, chache non syantifik plant yo epi Google non yo pou w ka jwenn non yo nan lang ou vle a. Pi fò deja sou MedikaPlant, jis tape non plant yo epi ajoute Medikaplant dèyè l nan bar rechèch Facebook oswa Google. Ou ta sipoze jwenn detay yo. Ekzanp: Sansès Medikaplant; w ap jwenn detay ak non yo.
Medikaplant



Mèsi anpil pou konesans lan
Avèk plezi, Michelet! Se Konnen ki Fè! 🌿
Ankò yon lot fwa, Mèsi Mèsi, mwen kapte tout detay men kesyon mwen: Eske se 7 fwa menm mwen ka fè li pou yon rezilta…????
Bonjou Gonell, mèsi pou fidelite w! Wi: 7 beny, pandan 7 jou youn apre lòt, a menm lè chak jou. Pa bliye fè 1 Beny Limyè anvan w kòmanse 7 beny Remanbre yo.
Mwen we beny limyè a, nou oa bezwen fe beny giyon ladanl?
Eskize n pou reta a. Non, se de beny diferan. Fè youn, epi si w vle, fè lòt la apre.
Merci a staff la nap fe yon bel travail. Mw remesye kreatè pou konesans li ba nou sou plant li yo.
Mèsi anpil Jenny-Flore!
Merci tte information yo bien kle
Mèsi Yolette!
Mwen te fè beny sa ane pase pandan 3 jou mpat jwen fèy poum te fèl 7jou,men li te itil mwen anpil li retirem anba anpriz Yon mechan e mte konn revem lekol toutan toutan lèm finn fè beny lan mreve Map konpoze mfe kolè mchire fèy la epi mdi mpa gen dwa élève toujou mtravay c profesè poum ye.epi vire mkite lekol la.mpa janm tounen e mpa janm fè rêve lekol anko.
Mèsi Christelle pou temwayaj sa a!
Bonsoir nou di 2 bouchon alkol bln
3bouchon kleren blan
Eske se 2 bouchon alkol pharmacie?
Eskize n pou reta a. Wi Martine, se alkòl blan famasi a.
Bonjour, svp fanm ansent ka fè beny sa svp
Eskize n pou reta a. Non, fanm ansent pa dwe fè beny sa a.
Bonsoir ton Vye Ewol mw sou 6 jou beny remanbre a m’en mw gen anpil anpil problèm svp âpre beny remanbre ki beny ou pansé’m ka fè lè’m fini?
Eskize n pou reta a. Borgella, apre Beny Remanbre, ou ka fè Beny Limyè. Pou pwòp ka pa w: https://medikaplantshop.com/consultation/
eske apre beny sa m ka tj fe beny chans lan oubyen sm fe beny remanbre a m pa bezwen fe beny chans lan svp
Eskize n pou reta a. Ou ka fè tou de, men pa menm jou a. Fini Beny Remanbre an anvan.
Ton Vye nous Di fen oubyen komansman ane nan ki mwa konsa Mwen pa k fèl kounya
Eskize n pou reta a. Sandeline, ou ka fè l nenpòt ki lè.
Map di nou mèsi anpil. Men svp eske mw ka fè beny lan nan mwa septanm nan? Kom nou di se komansman oubyen fen ane.
Eskize n pou reta a. Mirfline, wi, ou ka fè l nenpòt ki lè.
Kenbe fremm, kontinye klere nou
Mèsi Gimsy!
Bonsoir,SVP eskem pa Ka fè l lòt lè ke Nan kòmansman Oubyen Fen ane an?
Eskize n pou reta a. Wi Medjie, ou ka fè l nenpòt ki lè.
Mwen fè rèv sa sou souvan rete nan menm klas pa janm pase wi. Hmm. Se yon blokag. Ok mesi
Mèsi Josué!
Ki plant ki pi enpotan nan yo tout.
Ki plant men si ou pa genyen li, ou ka fè beny lan
Eskize n pou reta a. Francois, si w pa gen youn nan fèy yo, ou ka toujou fè beny lan ak lòt yo.
Bonjour
Eske mwen ka itilize fèy la menmsi li sèche svp?
Eskize n pou reta a. Wi Chris, ou ka sèvi ak fèy sèk.
Beny remanb sa bon vre
Mèsi Filsaime!
Svp, Èske m oblije gen dlo lanmè pou pou m fè beny remanbre a?
Non ou pa oblije. Men mete sèl nan beny lan.
eske m ka komanse fe beny remanbre a nan mwa oktob la svp, pwiske m we se 7 jou pouw fel?
Eskize n pou reta a. Wi, ou ka kòmanse nenpòt ki lè.
Ton vye. Donk se sof nan fin ak komansman ane yan nou ka fèl. Mwen pap ka fèl nenpot jou nenpot mwa li pap bon. Paske janm santim la, mwen santim paka tann fin anea poum ta fèl
Nou ka fè beny sa nenpòt jou nan ane a, nenpòt ane mezanmi, nou pa bezwen ni jou ni lè ni fen ni koumansman ane. Depi nou vle se fè beny lan, li gen menm puisans lan.