Kèk nan mirak nou ka fè ak nannan bwa bannann:
– Trete anemi
– Konstipasyon
– Regilarize ak Fè Prevansyon Tansyon Wo
– Pyè nan ren
– Jere move kolestewòl
– Trete dyabèt/sik
– Detoksifye kò w
– Kontwole pwa | Boule grès nan vant
– Kontwole asid
– Netwaye enfeksyon irinè (UTI): Bwè ji a 2-3X semèn

Youn nan Metòd Preparasyon yo:
Pou anemi an, swiv estrateji sa epi lape: Se nannan bwa bannann nan w ap pran pou fe ji a pou w bwè a…Graje ou blennde l, pran l ak ti siwomyèl pou ajoute yon ti gou. Itilize sèlman yon ti bout bwa bannann ki ka 1/2 longè ponyèt ou, w ap kale l retire tout gwo po anlè yo nèt jis ou jwenn pati plizoumwens krèm/blan ki anndan an, w ap koupe l anfòm bag, 7-9 ti wonn sifi men ou ka itilize tout bout bwa bannann lan tou si w vle; koupe ti wonn bag yo an ti moso pi piti toujou; ajoute yo nan 1 lit dlo dlo ou ka blennde l, pase l nan paswa epi vide nan vè/gode pou bwè. Ou ka prije yon ti sitwon pou gou, gen moun ki prefere ajoute lèt. Endyen yo renemn ajoute yon ti fwomaj blan (curd) nan dlo a anvan yo ajoute bwa bannann lan pou enpoze l vin tou nwa.

Ou ka pran l 2-3 jou nan semèn lan epi sote jou, pandan yon mwa. Gen moun ki prefere kwit li pou manje, resèt kwit la diferan. Gen plizyè jan yo kwit li, nou prefere ji a pou maldi tankou pyè nan ren pou w ka elimine yo oswa evite pyè yo fòmen nan ren ak rès kò w.
Pou anemi anplis ji bwa bannann lan ou ka pran: 1-2 vè ji navè pa semèn pou 2-3 semèn, labouyi bannann + kawot ak pòmdetè sèlman. Konsome moringa, lyann panye, lalo. Lapè. Nou ka poze kesyon sou demach la, si nou genyen.
W ap jwenn yon pòs sou jan pou w trete anemi sou lyen sa: https://medikaplant.org/anemi-3-doz-senp-kont-anem



Mta renmen jwenn yon reset pou andometriose ki bay kist endométriose svp
Bonjou Dinaille. Andometriyoz se yon pwoblèm ki fè anpil fanm soufri, epi li bezwen yon jinekològ ki swiv li. Nan MTA, nou travay sou manje (mwens sik, alkòl ak manje trete), sou fwa a, ak sou plant ki kalme enflamasyon tankou jenjanm ak timerik. Men, pa gen yon sèl resèt pou tout moun. Pou yon plan ki fèt pou ou, pran yon Herbal Wellness Appointment sou medikaplantshop.com.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
Kibò ou ka jwen bwa bannann. Mwen Atlanta svp?
Eskize n pou reta a. Lolotte, nan Atlanta, chèche nan boutik ayisyen ak karayibeyen.
Mw pa konnen si sa ap posib pou nou ta mete resèt konstipasyon an silvouplè, pou timoun piti moins ke 2 ans…
Eskize n pou reta a. Pa bay remèd sa a bay timoun piti mwens pase 2 an. Pou konstipasyon, bay plis dlo ak papay oswa pwi bwi, epi pale ak yon doktè timoun.
Mwen te genyen on anemi ki tap krazem se nan ijans m te ale.M Jis fè 2 resèt nan sa pa Medikaplant pwopoze yo pandan 3 semèn mwen geri. Mèsi Medikaplant pou sa wap fè pou komininote a mèsi pa sifi.
Mèsi anpil Eugénie pou temwayaj sa a!
Mwen te genyen on anemi ki tap kraze se nan ijis m te ale.M
Jis fè 2 resèt nan sa Medikaplant pwopoze m geri nan 3 semèn.
Mèsi Medikaplant pou sa wap fè pou komininote a mèsi pa sifi.
Mèsi anpil Eugénie pou temwayaj sa! Nou kontan anpil pou rezilta a. Kontinye swiv yon bon alimantasyon epi fè chèk ak doktè w regilyèman. Anpil limyè!