Passer au contenu principal

Medikaplant

ANEMI: 3 Dòz Senp Kont Anemi

Medikaplant.org

Anemi se bagay ki degoutan, epi anpil fwa li konn difisil pou yo dyagnostike koz la oswa faktè ki kontribiye pou lakoz yon moun vin anemik. Gen plizyè kalite anemi men sa k pi popilè nan kominote nou yo se anemi kote malad la manke fè. Kantite globil wouj (emoglobin) moun ki anemik la ba, sa vle di yo pa transpòte kantite nòmal oksijèn selil yo pral itilize kòm sous enèji kadav kò a bezwen pou bon fonksyònman l. Nou kwaze ak anpil ka anemi sou wout nou sitou ak medam ki gen fibwòm/andometriyoz ak kèk lòt maladi konsa. N ap gentan fè yon bon ti rale an detay sou anemi men se pa lide pòs sa. Nou pote kèk dòz pou ou itilize pou repran kontwòl sante w.

KI JAN POU N KWAPE ANEMI

Men 3 dòz pou ede nou konbat ANEMI pami anpil lòt w ap jwenn sou paj la:

  • 1) Bwè 1 vè ji navè 2-3 fwa pa semèn pandan 3 semèn (ajen, nan maten san sik san sèl)
  • 2) Labouyi bannann + kawòt + pòmdetè (2-3 fwa pa semèn, 3 engredyan sa yo sèlman)
  • 3) Bouyi pwa nwa, pran dlo pwa nwa sèlman ajoute sik wouj, bwè 2-3 vè pa jou pandan 2 a 3 fwa pou 3 semèn.

DILPIS:
4) Jere nitrisyon w pi byen, gen anpil plant ede kò a rezoud pwoblèm sa. Manje manje ki rich an fè. Plant kou vyann/pwason gen kalte fè pa yo plizoumwens fasil ak mwens fasil pou kò a absòbe. Pa ekzanp ou ka konsome: Lyann panye / Moringa (doliv) / Lalo / Koupye / Zepina / Bon salad fèy vèt, paloud rich anpil epi nou ka trete anemi ak yon dòz konsa. Men se konnen ki fè.

5) Pran Beny Solèy sitou solèy levan pou yon ti tan tou kout, absòbe enèji solèy la nan kò w, kanalize enèji a travèse w. Gen tout jan pou jenere enèji sa ou bezwen an. Granmoun lontan konn sekrè beny solèy la, li chaje benefis se pa jis vitamin D l ap ba w. Li jere tout kalite koze nan tout plan. Gen yon koneksyon ant mank Vitamin D ak anemi. Jere vitamin C w tou byen. Ou ka fè blennde bètrav, kawòt, ti chou Brisèl yo, frèz, Bwokoli, zepina/kale/ets.

Rapèl:
Anemi jeneralman se yon mankman globil wouk oswa emoglobin, pwoteyin ki chaje « fè » ki ale mennen vini oksijèn soti nan poumon ale nan selil nan kò nou, epi l pran diyosik kabòn nan selil yo pote tounen nan poumon yo pou mete yo deyò. Plant yo menm kapte gaz sa nou mete deyò a yo pase l nan teknoloji avanse plant yo epi transfòme l ann oksijèn ban nou ankò, pou chèn sa rekòmanse. Lè teknoloji pa kò nou an pàn epi sik lavi a pa woule byen plant yo tou ka pote nou sekou pou fikse sistèm nan.

______________________////______________/////__________________///________________________

#Medikaplant_2022 | #Anemi |

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè