Gen plizyè bagay ki ka lakoz règ ou pa vini, sa ki pi evidan se gwosès. Tès gwosès: anvan w menm fè tèt cho, fè yon tès pou verifye si w asent. Si l negatif, ka gen lòt koz, ou ka pa gen kòb nan moman an pou ale wè doktè w men sa enpòtan pou w ale pi vit posib pou analiz nesesè yo. Se konsa w ap konnen si gen yon anomali nan matris ou, nan kò w, kit se kis ou fibwòm, ou enfeksyon, andometriyoz, kansè, elatriye. Gen lè doktè yo konn pa reyisi ede nou. Gen fanm ki pase menm ane san fòme. Bon chans pou yo: gen plizyè jan pou w fè règ la vini ak plant natirèl byen senp.
Men 3 fason nou ka fè règ la vini ak plant natirèl:
ENGREDYAN: Zaboka (Persea americana)
PREPARASYON:
1) Bouyi 1 ponyen fèy Zaboka nan 1 Lit dlo pou 10 minit. Pase nan paswa, bwè 3 tas tyèd X 3 fwa pa jou sèlman.
ENGREDYAN: Bètrav
PREPARASYON:
2) Kale yon bètrav epi graje; prije l nan yon twal pwòp, mete ji a nan yon veso pou konsève l. Bwè l pa kiyè, pran anviwon 7 gran kiyè (100 mL anviwon) pandan tout jounen an, fè sa pandan 3 jou.
ENGREDYAN: Zoranj Si
PREPARASYON:
3) Chak maten pran 3 gran kiyè zoranj si pandan w ap pran dòz yo. Si règ la pa vini nan espas 3-7 jou ekri l ou wè ak jineko w.
ENGREDYAN: Pèsi
PREPARASYON:
4) Bwè yon vè ji pèsi chak maten pandan 7 jou. Ji pèsi a ka akonpanye tout 3 dòz ki pi wo yo. Depi sou 3 jou ou ka deja jwenn rezilta.
SWIVI: Ki sa pou w fè aprè?
Lè règ la vini fè Lavman Fanm Djanm lan epi lapè. Ale wè jineko w otomatikman ou gen yon ti mwayen pou swivi.

Gen plizyè rezon règ ka anreta si w pa ansent:
Strès | PCOS | Pwa kò varye | Pwòblèm òmon | planin | Twòp ekzèsis | Apenn fòme | Pwoblèm Towoyid
Pa fè tèt cho paske strès ka fè l vin pi mal.


