Nan Medsin tradisyonèl Ayisyen an, chaje dòz ak fòmil pou elimine fibwòm (fibwòm ou ka eple l tou 2 fason sa yo), myòm, kis, twonp bouche ak lòt maladi fanm. Remèd sa yo bon tou pou moun ki gen pwoblèm nou site yo epi k ap eseye ansent, sa vle di se yon dòz gwosès oswa fètilite tou.
Chaje remèd natirèl pou konbat fibwòm ak lòt maladi nan matris, si yo pa anpil e gwo depase, epi w pran sa bonè, de dòz sa yo sou sit la ap ede w, men si ka a mwayen oswa avanse w ap nesesite yon pwotokòl trètman espesyalize, nou ka gide w nan sans sa oswa prepare fòmil propriyetè prive Medikaplant ki pa piblik.
Ou ka fè de dòz sa yo nou bay la an seri, fè # 1 ak dòz #2 ki sou sit la. W ap jwenn li an la: Dòz Natirèl #2 TWONP BOUCHE | Kis ak Fibwòm
PREPARASYON:
Bwè tizann dlo grenn mayi tranpe. W ap degrennen yon bougon mayi frèch (vèt) pran grenn yo mete nan yon veso vide 1-2 lit dlo sou li depi lavèy nan aswè, lese l dòmi, demen maten pase l nan paswa koule l pran dlo a. Se dlo sa w ap bwè tout jounen an pandan 3 jou pou w prepare. Apre 3 jou sa w ap kòmanse dòz la.

ENGREDYAN:
Fèy Lougawou (yo rele l chòche, Ayigwe, etc…)
Non syantifik: Kalanchoe pinnata
Sinonim: Bryophyllum pinnatum
PREPARASYON:
Pran 1-2 fèy lougawou, mete yo nan yon tas, vide dlo bouyi sou li, ajoute de twa grenn sèl pou l yon ti jan gen gou sèl la. Toufe l, jouk li tyèd.
POZOLOJI: Bwè 1 tas ajen (nan maten san w poko manje) pandan 15 jou. N ap pran poz nan sa pou 7 jou apre sa n ap tounen ladan l; pandan 7 jou sa n ap fè dòz #2 pou Fibwòm sou paj #medikaplant.
DIPLIS:
- Pile 3 fèy aran, 3 fèy bwa chèn, 3 fèy deboure, lese yo melanje nan yon bon kleren fò (Nazon, tèt chòf, 22/22, elatriye) epi plase melanj lan anba vant ou kote ou santi doulè ou wè ki gonfle a.
- Si w vle ou ka toufe yon ti rasin pwa pyant ak kèk fèy nan yon dlo cho epi ajoute 1/2 ti kiyè pou kòs bwa chèn ladan l. Lese l chita pou yon ti tan, pase l nan paswa. Bwè 1 tas nan apremidi pandan w ap bwè fèy lougawou a nan maten.

Pataje! Pataje! Men lyen pòs la sou paj Facebook Medikaplant lan: https://www.facebook.com/medikaplant/posts/368241838261365
Si w gen doulè règ pandan w ap eseye konbat maladi sa yo, ale li kèk pòs nou fè sou sa tankou: TWA DÒZ KLE POU EDE FANM JERE PWOBLÈM RÈG: doulè, reta
Avètisman:
Li toujou bon pou n konsilte jinekològ nou pou n konn eta sante matris nou ak kò nou an jeneral. Se apati yon bon dyanostik medikal n ap detèmine maladi a epi chache altènatif natirèl pou jwenn bon jan solisyon. Se responsabilite pa nou pou fè rechèch sa yo, #Medikaplant la pou sijere n kèk dòz epi prezante n kèk plant ki ka ede san nou pa pran responsabilite trètman pèsonn.
MEDIKAPLANT
Medikaplant.org



Telman renmn ton vye 😍 Mesi anpil
Nou renmen w tou Laurencie! Mèsi.
Bonjour svp m ta renmen pale avew prive pou problèm pam nan
Bonjou Yvrose. Ekri n sou WhatsApp ofisyèl nou 954 529 0705, oswa pran yon konsiltasyon la: https://medikaplantshop.com/consultation/
Mw preske mouri a Yon doulè MPa konn kisa fè anko mal l’hôpital tout sam fe li la sou do matrice mw met d’il ye koz se bò gauche mw anba tiventre mw edem svp konbat doulè a règle mw pa vini tou
Joanne, yon doulè konsa ak règ ki pa vini, ale ijans kounye a pou yo egzamine w. Lè sa a pase, nou ka akonpaye w: https://medikaplantshop.com/consultation/
Remèd fèt bon bagay mesi anpil
Mèsi anpil Nerly!
Medikaplant bon bagay remèd ou yo se kle mèsi pa sifi
Mèsi Canélise!
Mwen opere pou fibrom 2016 e Dr di m yo retounen e mwen poko gen timoun mwen ta renmen ou ede m svp fibrom ao tronp bouché
Eskize n pou reta a. Ruth, nou gen kit Matris Djanm pou fibwòm: https://medikaplantshop.com/product/matris-djanm-bundle/. Kontinye swiv doktè w, e pran yon konsiltasyon pou n ka ede w pi byen: https://medikaplantshop.com/consultation/
Merci pour toutes les informations medikaplant 😍🙏
Merci Taina!
Bon remèd ki pwoteje sante! Medikaplant tou tan!
Mèsi Sheil!