Zèb Djab: Yon Plant 2 fas

Lòt Non Plant sa: Zèb Dyab / Move Zèb / Dantle / Nèg 2 Fas
Non syantifik: Plumbago scandens L.
Fanmi: Plumbaginaceae (Leadwort Family)
– Anglè: Doctorbush, Summer Snow Plumbago, Mexican Plumbago
– Fransè: Herbe au diable, Dentelaire, Mauvaise Herbe, Dantelée
Plant sa efikas nan trete gratèl epi l frajil nan bay gratèl nan po tou. Li fè tou de travay sa yo byen swivan ki moun k ap itilize l. Se pa san rezon yo rele l move zèb oswa move plant. Li ka fè w rayi tèt ou wi pi mal pase yon pwa grate. Men se yon gwo plant ki chaje benefis lè moun ki nan Limyè ap itilize l.
Benefis Zèb Dyab Genyen:
– Gal ak maladi po: konpoze lwil la ak lwil doliv, itilize 7-9 bout rasin bouyi yo nan lwil doliv la pandan omwen 2 èdtan 45 min rive 3 èdtan eka anviwon sou yon ti dife ki pa twò cho.
– Doulè dan: moulen de twa fèy, l ap fè w gen krache, se saliv sa yo ki pral elimine doulè dan, sitou moun ki gen kari. Li enpòtan pou ale wè dantis kanmenm.

– Saliv, timoun bouch sèk san bave li ka fè yo bave sitou si se lougawou ki atake yo. Men fè sa k pi senp lan anvan, pase yon piwouli nan bouch timoun lan pou l ka bave. Si sa pa mache w a fè l ak fè l la, men anvan sa ou ka eseye pase ti moso la kochon nan bouch bebe a pandan w mete l ak 4 pat. Epi lapè.
Pou plis dòz kont Lougawou, chache mo a nan kazye rechèch la.

Pran Prekosyon ak Plant sa:
Pinga pile fèy Zèb dyab pou mete an konprès oswa kole sou po malad la paske l ap boule po l. Gen malfektè ki itilize l nan konpozisyon poud jis pou jwenn efè sa. L ap fè blad sou po w, apre sa y ap pete epi dekale. Zèb Dayb menm jan ak panzou malgre panzou a pi rapid nan sans sa. Lay prèske gen menm efè a tou, li konn fè menm bagay la tou lè moun ki pa konnen itilize l mal sou po malad pou trete kout poud oswa pyès, sitou lè pye moun anfle. Evite sa paske l ap gate oswa dekale po a, l ap fè blad. Se pou sa yo di plant sa yo “vesikant” (vésicante) nan langaj teknik.
Di n si w konn plant sa? Si granmoun konn pale w de li anvan sa? Ki jan yo rele l nan zòn lakay ou? Itilize non syantifik la pou chache plis sou pwopriyete medisinal plant sa. Epi pataje sa w jwenn anba pòs la. Sonje toujou konsilte yo pwofesyonèl sante oswa yon epsesyalis nan medsin tradisyonèl, epi fe rechèch pa w anvn w itilize nenpòt plant lan. Plant yo konn kontendike oswa pa konpatib ak lòt medikaman doktè oswa lòt dòz plant w ap pran deja.
Medikaplant



Yo dim gn bon beny sou sit la mw chèchè mh poko k wè yo ta sanble se mwk pakonn chèche
Eskize n pou reta a. Gracius, klike sou bouton Beny Terapetik ki anlè sit la, w ap jwenn tout beny yo.
Chache beny Remanbre, nan tèt sit la gen bouton Beny Terapetik la, klike sou li w ap jwenn tout beny yo.
Mw gn yon nanm kp bat nn kòm kisa poum fè poum rachel metel deyò
Eskize n pou reta a. Gracius, pou sa, ekri n an prive oswa pran yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/
Mw gn yon nanm kp bat nn kòm kisa poum fè rachel metel deyò
Gracius, mwen reponn ou nan lòt kòmantè a.
Bonjour la famille,
Kisa ki bon pou kanser
Eskize n pou reta a. Eloude, kansè bezwen swiv ak doktè. Plant ka sèlman sipòte kò a. Pou yon gid pèsonèl: https://medikaplantshop.com/consultation/