Plant sa yo konn ba li non « Fèy Kè », nan kèk zòn nou rele l, « Kolèt adam »; gen lòt kote yo rele l “kòlèt dadanm”;l. Se varyasyon non fransè plant lan: Collet à Dame, herbe Collet, Collete Notre-Dame, gen zòn moun yo di « Kòlèt Adanm », ou « kòlèt dadanm ». Yo konnen l sou non syantifik: Lepianthes peltata, oswa non syantifik sinonim lan: Piper peltata, Pothomorphe peltata. Li pote non « Baquiña » tou sou mache entènasyonal la, an ka si yon moun ta bezwen achte l deyò peyi a. Nan Sen Domeng se “Broquellejo” li rele, men non an ka varye swivan zòn nan.

Diferans ant Kòlèt Adam ak Kalbas Kouran:
Gen anpil plant ki sanble ak plant sa tou tankou kalbas kouran, non syantifik li menm se “piper aritum”. Chache l sou sit la pou plis detay sou li, men se menm kalabas kouran sa ki pote non sa yo: an anglè se Root Beer Plant, Mexican Pepperleaf, Veracruz Pepper, False Kava-Kava; nan panyòl yo konn ba l non Hoja Santa tou.

Se pou sa w ap jwenn anpil moun Ayiti pa ka fè diferans lan paske se de espès diferan ki gen menm jan.
– Gen tout yon lis lòt plant ki nan menm jan ak plant nou site la yo. Kèk ekzanp plant nan fanmi Pipèrase yo ki sanble ak pataje kèk pwopriyete medisinal sanblab:
- Piper aduncum, Piper angustifolium, Piper elongatum (Spiked Pepper, Higuillo de Hoja, Matico)
- Piper betle (Betel leaf)
- Piper blattarum (Higuillo)
- Piper longum (Bengal Pepper, Indian Long Pepper, Pippali, Piplamul)
- Piper magnificum (Lacquered Peppertree)
- Piper methysticum (Kava, Kava-Kava)
- Piper nigrum (Pepper)
- Piper ornatum, Piper crocatum (Celebes pepper)
- Piper peltatum, Lepianthes peltata, Pothomorphe peltata (Pakina, Monkey’s Hand, Santa Maria Plant, Cachimuela, Cordoncillo, Pariparoba, Pariparova, Jaguarandi, Capeba, Caena)
- Piper retrofractum, Chavica officinarum, Piper chaba, Piper officinarum (Long Pepper, Balinese Pepper) (W ap jwenn plis enfo yo sou sit Top Tropicals si w vle achte semans yo pou plante oswa kontakte nou).

Kòlèt Adam gen anpil byenfè terapetik:
- Anti-anflamatwa: nou itilize l pou fonn abse, elimine enflamasyon, li ka itilize pou nenpòt pati ki anfle nan kò w, atwoz, doulè ban atikilasyon/jwenti kò w sitou jenou, koud ponyèt, pwanyè men, zepòl ak jevi. W ap pile 3 fèy byen fen epi w ap mikse l ak 1 kiyè mantèg oswa swif ki òganik, si w pa jwenn ou ka itilize lwil maskreti, w ap fè yon konprès sou pati ki anfle oswa gen doulè a epi bande l lejèman. Ou ka refè l chak jou pandan 3 jiska 7 jou. Ou ka rann pomad kont enflamasyon an pi puisan, gade jan w ka fè pomad sa:
Pomad kont edèm, pye anfle ak kout pyès
- Si w graje militon blan melanje ak li ak demi kiyè bikabonat ak yon pense sèl lanmè; l ap ede rezoud pwoblèm edèm ak desann pye anfle apre w fin pase sou move bagay, oubyen w te pran kout pyès nan pye.
Pran dòz te plant anti-enflamasyon pandan w fè konprès la. W ap jwenn kèk ekzanp sou sit Medikaplant lan. Si w pa vle fè pomad la, ou ka bouyi yon men fèy epi w lave pati k malad la avè l epi w vlope l ak fèy yo.
- Dyeretik puisan: se yon plant ki fasilite pipi, trete pwoblèm nan vwa irinè nou. Se pami plant ki fè sa pi byen sou latè. Li elimine Pyè nan ren ak lòt pati nan kò moun. Nan sans sa yo konpare l ak fèy “trèf”. Si w ap fè dòz kont pyè nan ren pa ekzanp, li ka itil si w pran tizann fèy kòlèt adam lè w fini fè remèd la pou asire w tout pyè yo soti nan sistèm ou.
- Se yon gwo remèd kont enfeksyon irinè ni pou fanm ni pou gason. Dòz la se mete yon moso branch ki gen 5-7 fèy ladan l tranpe nan yon gwo po dlo apre w fin deja byen netwaye ak lave yo. W ap kouvri l, itilize dlo frèch Pinga chofe dlo a, ou ka fè l nan maten bonè oswa depi aswè. Lèse enfizyon an byen tranpe pou de twa èdtan, pandan jounen an bwè dlo sa pou tizann, lè w swaf se li w ap bwè. Itilize l tankou se rafrechi w ap pran. L ap ede w menm trete kèk enfeksyon. Si w gen fredite li preferab ou itilize kalbas kouran an; gen lòt dòz plant kont fredite ki li efikas: jenjanm anmè ak bwa tabak, fèy ak flè pwa Kongo
Medikaplantè



Bonswa Medikaplant mèsi pou bèl travay wap fè nan kominoté a
Eské si yon moun gen roche nan fwa ou byen calcul biliaire li ka fè men tretman ak kolèt Adam mèsi anpilll 🙏🏾
Bonjou Tamarra, mèsi! Kòlèt Adam se yon plant ki fè w pipi (dyurètik), li travay plis sou ren ak dlo nan kò a. Wòch nan fiyèl yo menm, se yon lòt bagay. Yo ka bloke kanal fyèl la, epi sa ka danjere. Pa fè okenn tretman poukont ou san yon doktè pa fè ekografi pou wè gwosè wòch yo. Pou yon plan natirèl ki adapte, pran yon konsiltasyon sou medikaplantshop.com.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
Trè bon travay, m panse met plant yo an premye pou byen fè kò imin an c évident, men fasilite pou maryaj doz yo c t trè impòtan.
Bon komba
Mèsi Ernso, ou gen rezon. N ap travay pou fè dòz yo pi fasil pou tout moun.