Passer au contenu principal

Medikaplant

Lang Chat: Gwo remèd natirèl

Medikaplant.org

Non syantifik: Eupatorium odoratum

Lòt non syantifik sinonim: Chromolaena odorata

Lòt non: Langichat, Langue de chat

Anglè: Blue Mistflower, Siam weed, Christmas bush, bitter bush,Fragrant Mistflower, Blue Boneset, Fragrant Boneset, Jack In The Bush, Crucita, Siam Weed, Common Flossflower, Devilweed, jack in the box, and devil weed.

Lang chat (langichat), gwo remèd kont amigdalit, lalwèt tonbe, gòj fè mal, lanrenjit, grip, larim, pwoblèm respiratwa, wopresyon (azma), moun vwa yo anwe, elatriye. Li chaje pwopriyete medisinal. Plante l lakay nou, li pran fasil epi l pa bezwen anpil swen pou grandi ak pwofite.

Kèk Pwopriyete Plant sa Genyen

–Anti-fyèv, se bouyi w bouyi l pou sa. Ou ka melanje ak fèy Dèyè Do, si lafyèv la rebèl.

-Se yon antienflamatwa puisan, ou ka pile l epi aplike l sou pati ki afekte a, sa rele w ap fè yon kataplas depoze sou pati a epi bande l lejèman. Pati kò a ka pa anfle men lè w peze l li mou mou, menm pat fèy ou pile yo ap ede trete sa. Bay malad la bwè yon tas te tou.

– Kont Larim, flèm, Tous ak grip: fè te, bouyi 7 fèy pandan 3 minit, lese l chita pou 4-5 minit epi bwè l, 3 tas pa jou. Ou ka ajoute ton ti gout myèl pou gou a. Si grip oswa tous la rebèl melanje lang chat la ak 5 fèy Kase Sèk, yon ti bout Lyann mòl, 3 fèy ekaliptis, 3 branch ten. Si grip la bay vomisman w ap jwenn dòz sou Medikaplant pou sa men ou ka ajoute de moso jenjanm pile ou graje l lage nan te sa ansanm ak tout wonn po yon moso zoranj si oswa sitwon vèt. L ap kanpe vomisman an.

– Dyeretik: li fè w pipi

– Pyè nan ren: l ap netwaye ak ede restore ren w.

– Anti-azmatik: pou wompresyon an se pile w ap pile fèy la ou pase l nan paswa ou pran ji a, ou melanje l ak lòt plant tankou molèn, chapantye, ekaliptis, ten aklòt plant poumon. Ou ka bouyi de twa fèy lang chat pou kont li nan 1-2 vè lèt òganik pou w bwè. Po plis enfòmasyon: chache dòz poumon sou MedikaPlant w ap jwenn lòt plant pou fè melanj sa.

– Bon pou dijesyon: bouyi yon ponyen fèy, bwè 2-3 tas pa jou, ajen ak kèk minit avan manje.

Rasin Lang chat la gen pouvwa medisinal tou:

Se yon bon tonik, kont balonnen man, gaz, vant anfle, doulè gaz nan vant.

– Règ an anreta: Rasin lan bouyi nan dlo, se yon bon emenagòg, sa vle di li fasilite règ ou vini, ou fè l vini lè w pa wè l kèk tan, lè w ap pran 3 tas pa jou, nan maten bonè bwè 3 gran kiyè ji zoranj si. Apre 3 jou rasin lang chat ou ka fè tizann rasin Ave (anamu) pandan 7 jou. Chache dòz Règ an reta sou Medikaplant, w ap jwenn lòt ki li efikas toujou.

– Kont maladi oswa ilsè nan po, dèmatoz, ou ka fwote fèy la nan beny pou netwaye ak swen po w. Ou ka grese l ak lwil maskreti oswa mantèg epi chofe l pou pase sou pati po w ki afekte yo. Ou ka melanje l ak lòt engredyan pou swen po li brile tou. Gen pomad yo fè ak fèy plant sa sou mache entènasyonal la pou trete po boule.

Dòz Kont Lalwèt Tonbe, Larenjit, Gòj Fè Mal, Amigdalit, Vwa Anwe

Nou ka fè dekoksyon avè l, nou ka prije l pran ji a, nou ka fè enfizyon tou. Nan ka lalwèt tonbe ou amigdalit, w ap pile l 4-7 fèy ou fwote l pran ji a, pire yon bò sitwon vèt oswa yon bò zoranj si ladan ki lang chat la, met yon grenn sèl nan melanj sa epi chofe l lejèman sou dife, ou ka fè sa nan yon gwo kiyè tou. Pandan l tyèd e p ap ka boule w, w ap pran 3 gòje (1 kiyè chak fwa), w ap garari yo nan gòj ou. Jete premye gòje a, m’en bwè lòt de gòje yo apre w fin gagari yo. Fè sa maten ajen ak nan apremidi pandan 3 jou. Ou dwe anfòm depi nan demen. Nan ka lalwèt tonbe a, li ka tou fikse menm jou a. Ou ka fè l menm jan sa pou maladi nan gòj ou si w gen doulè konsa tou ou kapab pile fèy la ou mete sou gòj la pa deyò (topikalman).

Avètisman: toujou fè rechèch pa w sou plant yo ak sante pa w. Fanm ansent oswa nouris k ap bay tete pa dwe bwè plant sa; evite bay timoun mwens 5 lane yo dòz sa yo san konsiltasyon yon pwofesyonèl swen sante oswa yon ekspè nan remèd plant.

Medikaplant
Medikaplant.org

Referans Medsin Plant Ayisyen an

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗
  • Comment (1)
  • Hoïs EYA anpil mèsi pou travay medikaplant ap fè a anfèt se sa mw te vin verifye avan mal itilizel fèy lang chat la si fanm kap bay tete ka bwèl

Kite yon kòmantè