Beny Dechaje Tèt, se yon beny ou ka fè anvan w fè Beny Koule Tèt pou jere tèt ou sitou lè w anboulatcha ou resevwa frap ki pote w nan tèt, li bon pou atak foli tou. Li bon tou si w santi tèt ou pen, l ap pede ranmase, si w strese anpil, si w gen depresyon oswa w pa ka dòmi, si vye lide ap pede pase nan tèt ou, si w anvi tiye tèt ou tou. Li bon tou si w santi tèt ou toujou vid oswa vwa ap pale nan tèt ou.
Se yon beny natirèl ki chaje benefis, ou ka fè l nenpòt okazyon depi w santi w bezwen debarase vye enèji ki antoure w, depi w vle yon chanjman, depi w vle netwaye ora w, oswa w ap eseye leve anba yon vye maladi, oubyen ou ka itilize l kòm beny akonpayman nan pwotokòl trètman yon maladi oswa akselere gerizon.
ENGREDYAN:
– Fèy Lougawou (Kanlanchoe pinnata) + Fèy Gwo Ten (Plectranthus amboinicus) + Fèy Bazilik + Fèy simen kontra oswa amwaz (pèsi ka ranplase yo) + Fèy zoranj si + 3 boujon flè joumou (si w pa jwenn itilize womaren/Rosemary, an panyòl se Romeo) + 3 oswa 7 dan lay + 21 klou jiwòf + 1 ponyen sèl
Engredyan Likid: + 3 gout kleren + 1 a 3 kalite pafen diferan
+ 1 ti moso savon san lave (savon lave ki poko itilize)
PREPARASYON:
Mete tout nan 1 kivèt dlo, fwote fèy yo, pase beny lan solèy pandan omwen 21-47 minit, pran beny sa ak yon moso savon san lave pandan solèy la cho, anviwon midi.
YON FASON POU W KOULE TÈT OU?

Apre sa ou ka koule tèt ou ak yon ponyen fèy zoranj si fwote nan bon jan kleren blan, klren ki fò anpil (Ou ka itilize vodka, Wonm/Rhum blan, Gin oswa lòt kleren blan). Koule l ale pa dèyè. Epi bwè yon tas te enfizyon vèvenn sou plas apre w fin koule tèt la.
Nou ka fè dòz sa yo, si n santi tèt moun nan anvi pati, oswa li anboulatcha, l ap pale pawòl melanje, oswa ou gen gwo depresyon. Kit pwoblèm lan mistik ou natirèl l ap ede w amelyore. Pa tann li two ta.
JAN L KA EDE TRETE MALADI NAN TÈT AK BENY SA:
Swiv opsyon sa yo sitou nan ka moun lan koumanse pèdi oswa pèdi bonsans li, nan ka l ta koumanse fou.
A) 1mye Opsyon:
Si moun lan malad nan tèt kèk jou oswa li grav, ou ka fè l fè konprès 9 fèy joumou an chak jou pandan 3 jou, epi sou 3èm jou a, kou w fin retire konprès la, ou fouye twou ou antere l, sou bouch twou a ou tou mete malad la kanpe epi w ba li beny sa pou ma yo tou tonbe nan twou a, epi w kouvri yo tout ansanm.

B) 2èm opsyon:
Ou ka fè beny sa tou lavèy, nan jou anvan, ou fè konprès avèk fèy joumou an ki sou paj la tou. Sa se yon beny ou ka fè pou kont li tou san w pa akonpanye l ak lòt dòz pou tèt. Ou pa oblije malad pou w fè l. Ou ka koule tèt ou espesyalman men ou ka benyen tout kò w ak menm beny sa. Lè w fini ou ka pilonnen ma beny yo ki tonbe atè a, mache sou yo tankou w t ap kraze yo menm jan w kraze tèt chaje a. Sa se pou ede w mantalman pran kontwòl ak fòs sou tèt chaje a. Ou eksteryorize l epi elimine li.
Si w vle swiv yon lòt opsyon nan trètman an toujou ou ka klike sou lyen sa pou jwenn li: Remèd Fèy Pou maladi Tèt: Tèt Anboulatcha ( Tèt Pati).
Nou ka fè dòz sa yo, si n santi tèt moun nan anvi pati, oswa li anboulatcha, l ap pale pawòl melanje, oswa ou gen gwo depresyon. Kit pwoblèm lan mistik ou natirèl l ap ede w amelyore. Pa tann li two ta.
Medikaplant
www.medikaplant.org
____________________________________
#Medikaplant | #Beny | #Tèt



EYA MEDIKAPLANT
Eya! Mèsi Guerdy.
Hoïs medikaplant
Mèsi Guerdy, nou la!
Kite m salye ou menm ki kreye paj sa pou ede moun sove lavi ak vye maladi kap frape yo.
Depi lè m tou piti, m te resevwa yon kout wòch nan tèt, li pat pete. Men depi lè sa rive jodia, chak fwa epòk m te frape a rive, se yon gwo pwoblèm pou mwen ak tèt fè mal sa. Li dire 3 mwa sou mwen anvan li banm souf. M konn fè nwit san dòmi lè li pran m lannwit. Lè li pran m nan lajounen, se yon kote pou m rete paske m pa gade lè solèy la, oubyen se linèt pou m mete pou m ka soti.
Li fè je nan tèt mwen wouj epi koule dlo anpil.
Mèsi pou konesans ou pataje sou kesyon beny tèt sa.
M swete jwenn rezilta.
Mèsi anpil zanmi m.
Bondye ki ba remèt ou sa.
Mèsi pou ou Rhau, e mwen regrèt tout soufrans sa a depi lè w te piti. Beny tèt la ka ede w detann, men yon doulè konsa ki tounen chak ane, ak je wouj e sansib ak limyè, merite pou yon doktè (newològ) egzamine w byen. Si w vle, nou ka akonpaye w tou ak yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/
Merci Mwen pral eseyel li
Mèsi Claudine! Eseye l.
Mw pral di ou tout sa mw santi mw mnm pouw ta dim sa poum f mpanse mw tap jwenn on numero poum t prive ou
1Mw paka domi
Mkonn gen vertige mttju gon bgy kap pale nan tet mw mpa gen memwa mnm mkonn santil ap souke si tout lem kouche sak biza lan mkonn santi lap bat tankou kem sim mta met menm anba tet mw mfatigue menm le mw pap f anyen mpa besyn di ou et lem travay anpil li rann. Visaj mw pikem pikem pikem mta renmn ou reponn mw
Ou ka kontakte n nan 954 529 0705 pandan semèn. Whatsapp oswa ekri dirèk.
Bon travay vye ewòl
Mèsi anpil!
Mèsi anpil Gran frè m la konn sa m tap fè si’w pat la
Mèsi anpil frè m!
Medikaplant ou se tout lavim gras ak resèt ou bay yo m evite kèk pwòch mwen tonbe malad
Mèsi anpil pou travay sa wap fè a
Mèsi anpil Valentina, sa fè nou kè kontan. Bon sante pou ou ak fanmi w!
li bay remed yo san peye nou patajel pou li rive pi lwen toujou mw gen pral fe yon mw tankou moun yo voye nan sou mw
Mèsi Elisabeth pou w pataje, se konsa konesans la rive pi lwen!
Map fel vandredi la
Travay la pa anven medikaplant
Mèsi Duquette, bon beny!
Bon bagay
Mèsi Dahina!
Mèsi anpil MedikaPlant! Ou fè prèv yon hayisyen otantik.
Mèsi anpil Dieuseul!
Bon travay!
Mèsi Chilène!
Merci ton vye
Avèk plezi Leonie!
Et moune nan diaspora pa ka jwen feuille sa yo
Eskize n pou reta a. Mirlene, ou ka jwenn fèy yo nan boutik ayisyen oswa botánica. Fèy sèk pral disponib sou https://medikaplantshop.com tou.
Bon travay Medikaplan!
Mèsi anpil Velouse!
Bon travay zantray
Mèsi Onius!
Merci beaucoup pou connaissance ou partager avec nou🙏🏾
Mèsi anpil Faustin!
Mèsi pou travay sa nap fè an li pap janm mouri
Mèsi anpil Plante Lavi!
Bon travay,Medikaplant!
Mèsi anpil Casséus!