Passer au contenu principal

Medikaplant

Medikaplant.org

TRETMAN NATIRÈL POU KONBAT H. PYLORI AK PWOBLÈM LESTOMAK

Anpil moun ap soufri ak bakteri H. Pylori san yo pa konnen gen solisyon nan plant nou yo. MedikaPlant pote pou ou yon resèt solid ak de opsyon: selon kote w ye!

OPSYON A: SI W AN AYITI (Plant Lokal)

Engredyan:

  • Rasin Ave (Mal pouri)
  • Rasin Reglis (Lyann legliz)

Preparasyon:

  1. Pran 3 bout Rasin Ave ak 2 fèy Ave.
  2. Ou ka ranfòse l ak 2 bout rasin lyann legliz.
  3. Fè yon dekoksyon (bouyi yo ansanm).
  4. Dòz: Bwè 3 tas pa jou pandan 15 jou.
    • Premye tas: Ajen byen bonè nan maten.
    • Dezyèm tas: Pandan jounen an.
    • Twazyèm tas: Anvan w kouche nan aswè.

OPSYON B: SI W USA OUBYEN ALETRANJE

Si w ka kòmande sou entènèt, chache Licorice Root Powder (Racine de Réglisse).

Preparasyon:

  1. Mete 1/2 ti kiyè poud la nan yon vè dlo cho.
  2. Brase l, kite l vin tyèd, epi bwè l.
  3. Dòz: 3 fwa pa jou pandan 15 a 21 jou.

KONSÈY ANPLIS (Ranfòsman)

Pou moun ki aletranje, nou rekòmande nou konplete tretman an ak yon ji « OptiBerry » (yon melanj blennde ak frèz, franbwaz, kranberi, bleberi, elatriye).

  • Bwè 1 vè chak jou pandan de semèn tretman an.

ETAP FINAL LA: LAVMAN

Aprè w fin fè tout dòz te a, li enpòtan pou w fè yon lavman pou netwaye sistèm nan nèt. Ou ka sèvi ak sene, manyòk barachen, oswa nenpòt lavman MedikaPlant konn rekòmande yo.



MedikaPlant bezwen rezilta w! Pa bliye ekri nou pou ban nou nouvèl ou apre 14 a 21 jou tretman an. Sante w se fyète nou! Klè mèt la!

#Medikaplant #LicoriceRoot #Réglisse #HPylori #SanteNatirèl #RemèdFèy #Ayiti

______________\\\\\\_________\\\\\\\______________

#Medikaplant I #licoriceroot I #réglisse I #hpilori

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè