Passer au contenu principal

Medikaplant

Trete ti kowona rapid vit

Medikaplant.org

Men ki jan pou w kwape viris Ti Nana k ap manje moun nan mond lan epi kanpe djanm rapid vit nan de twa jou:

ENGREDYAN:

1-2 Fèy lougawou + 1 ti branch (5) fèy Lila + 3-5 fèy ekaliptis + 1-2 branch ti bonm + 1 ponyen fèy doliv (pran l ak tout boujon flè si w jwenn) + 2-3 branch sitwonèl + 1-2 wonn sitwon + 1 bò zoranj si (prije ak tout po a, lage l ladan l) + 1-2 branch pèsi ak ten/seleri/womaren + 1 bout lalwa + 3-5 ti branch (7+) dèyè do + 1-2 ti moso jenjanm (pile ou graje, gen moun ki pa ka pran l) + 3 klis kanèl, 3 grenn pwav+ 3-5 klou jiwòf.

ENSTRIKSYON | METÒD PREPARASYON:

1) Mete yon dlo bouyi,

2) pile/graje jenjanm nan, ak tout kanèl la +pwav la, mete yo nan dlo k ap bouyi sou dife a,

3) Aprè sa, kite yo fè yon ti bouyi pou 3-5 minit;

4) Ajoute chak fèy yo youn aprè lòt nan dlo dekoksyon an (te a); mare branch sitwonèl yo an ne tankou lasèt soulye.

5) Epi pandan te a ap bouyi, koupe ti moso lalwa, retire pikan ki arebò l yo epi answit ajoute l ladan te a.

6) Lese te a bouyi pou 7- 10 minit. Pa depase 15 minit.

7) Retire l sou dife vide nan tas ou veso, pa pran ma yo. Bwè 3 tas chak jou; swa ak siwo myèl, oubyen yon ti sik wouj oubyen melas oswa siwo kann.

Meyè fason pou trete viris la rapid se pi bonè. Depi w santi sentom yo se atake l. Epi fè prevansyon, verifye pòs nou te fè sou prevansyon an pou w pwotejè tèt ou ak amelyore sistèm defans kò a; klike la: https://www.facebook.com/…/a.107505224…/205599634525587/

Dòz sa pa pa pou fanm ansent ou ki ap bay timoun tete oswa timoun ki poko gen 5 ane. Pou dòz k ap ede fanm ansent anba kowona, verifye sou sit la nan seksyon Dòz ak Fòmil la pou w ka jwenn sa ki apwopriye pou ou a.



APRANN FÈ JI PONCH KONT NEMONI ak KOWONA, Klike sou lyen sa:
https://www.facebook.com/page/107500827668802/search/?q=ji%20kowona

_________///_________///________________///_________________

#Medikaplant | #Ti_Nana | #Kowona | #Remèd_Lakay | #Medsin_Tradisyonèl | #Remèd_Fèy | #Ayiti | #Kreyòl

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè