Passer au contenu principal

Medikaplant

Beny Renesans: Bon Pou Tout Moun

Medikaplant.org

Beny plant la pou trete kò kadav la oswa ede amelyore sante nou. Nou pa dwe lese yo mistifye Beny Terapetik yo. Beny se yon metòd tretman efikas nan swen sante olistik. Beny pran swen kò fizik la ak mantal ou.

Gen beny pou tout kalite maladi, medikal ou mistik. Tout moun ka e dwe pran yon beny omwen pou kwape move enèji epi at ire bon eneji. Konsa y ap netwaye Ora yo.

Beny sou foto a bon pou tout moun pou ede w vin pi lejè, debarase vye enèji, libere ekla pa w:

Engredyan:

Bazilik + 1 ponyen sèl + 3 tèt sitwon + 3 tèt zoranj si + 21 grenn jiwòf + 3 Dan lay + 7 fèy vèvenn vyolèt + 3 ti branch semèn Kontra + 2 bout bwa medsiyen + 3 fèy lougawou + 7 grenn maskreti + 1 ponyen pèsi + 3 gout pran 3 kalite pafen diferan + 3 gout alkòl 91% plizoumwens + 3 bouchon kleren blan (li ka vodka, Gin, rhum, tequira, nazon, tèt chòf 22/22) + 1 moso Savon lave ki poko itilize (san lave).

PREPARASYON:

Melanje tout en sann nan yon ti dlo lanmè (15%) ak dlo frèch (85%). Itilize moso Savon an ki deja tranpe nan beny lan pou w benyen Depi tèt desann nan pye. Savon Byen Savon ak tout melanj yo epi rense ak men dlo a.

Sa se lè w fin ajoute dlo lanmè, se pou ajoute dlo frèch la. Lese beny an poze pou yon ti tan pu byen masere. Fre sant beny la ap ede netwaye espas la kote l ye a.

Diplis:

Lè w fin beny ou ka wete ma beny lan sou ou, mete nouvo rad epi w pare pou kouche ou repoze w. Ou ka pran beny sa nenpòt jou. Ou pa bezwen limen balèn ni resite okenn priyè se plant yo k ap travay pou kont yo men si w se kwayan ou ka fè sa w vle men beny lan pou kont li natirèl nan ap fè mèvèy.

Beny sa ak ede w si w ap konbat ak maladi ou leve anba maladi. Nenpòt kalite maladi. Si tèt ou chaje ou strese, ou gen vye panse, ou panse w pa gen chans ou pèdi espwa, eseye fè li api bwè 1 tas te melis ou basil ak siwomyèl chak swa anvan w kouche pou 7 jou. Si maladi desseche w ou fini nèt, fè beny lan 7 jou, 7 fwa, bwè yon tas te lay ak jiwòf epi manje 1 zoranj landan menm lè nan jounen an chak jou pandan 7 jou. W ap fè yo chak jou.

Viizite www.Medikaplant.org pou plis dòz k ap pèmèt nou pwoteje ak sove lavi. Pou beny yo, ale nan bibliyotèk la sou sit la epi klike sou Beny Terapetik.

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè