BENY KAY ak PAFIM: Nou dwe benyen ak pafimen kay nou sitou si n fenk ale rete ladan l.
Pwòpte tout vye rakwen kay nou, plant yo ka fè sa. Yo la pou sa. Sitou yon nouvo kay n ap rantre. Fè beny pou lay la, bale wouze ou mope. Fè pafim lan anvan w fè beny kay la. Ou ka aplike beny lan ak pafim lan nan yon kay ou fenk ap rantre, yon kay ou deja abite ladan l si w santi li gen vye enèji ladan l, oubyen w wè lonbray ou reve yon move lespri ou yon vye fòs oswa malè anndan kay la, si gen maladi nan kay la oswa nou santi nou mare nan espas la. Men tou nou ka pwòpte yon kay n ap demenaje kite nan menm fason an tou pou pa lese anyen dèyè e lese espas la pwòp.
Ou ka melanje engredyan nou site pi ba yo nan yon kivèt dlo pou kwape vye enèji epi byen bòde nouvo espas ou a. Si w manke anpe engredyan pami lis konplè sa ou pa bezwen panike, ou ka fè beny lan ak sa w jwenn yo, depi w gen omwen 7 engredyan pami lis sa. Sa se yon lis jeneral, ou ka itilize majorite engredyan ki nan lis la pou pèsonalize beny pou lave kay ou, ou ka pase mòp, oswa jis wouze kay la. Si w wouze kay la ou dwe lese ma beny lan tonbe atè anndan kay la, ou ka netwaye l apre yon de twa zèd tan oswa uo lese l pandan nwit la e nan demen ou mope kay la pou w retire ma yo ak netwaye.
LIS KONPLÈ ENGREDYAN YO:

3 Ponyen Bazilik + 3 dan Lay (garlic) + 7- 21 klou Jiwòf (cloves)
2 ponyen Amwaz (artemisia) + 1 ponyen Simen Kontra (si w jwenn)
3 branch Sousi (si w jwenn) + 3 branch Pèsi + 3 fèy Kalbas (si w jwenn)
7 fèy Gwo Nèg (si w jwenn) + 7 Fèy Sitwon ou 3 tèt sitwon
3-7 fèy Lougawou / Ayigwe / Chòche (si w jwenn, non syantifik: kalanchoe pinnata)
3 branch Wou oswa 3 gout Dlo Wou (lòt non li genyen se: Rue | Ruda)
3 ti bout lalwa (aloe vera) + 2 ti bout Medsiyen
EKSTRA ENGREDYAN:
3 ou 7 grenn Maskreti (si w jwenn) + 3 ti priz Grenn Wowoli (Sesame) + 3 ti priz Asefetida (Plant ou Poud, Ayisyen konn rele l Afetida) + 3-5 gout Pafen santi bon (1-3 diferan kalite) + 2-3 gout Lwil sent (si w jwenn | Medikaplant gen pòs ki montre w konpoze lwil sent) + 1-3 galon Dlo (depann gwosè espas w ap pwòpte)
DIPLIS:
Ou ka ajoute ti gout dlo lapli ou lanmè ou dlo ou menm ou beni oswa yon konnen beni. Ou ka soufle non Granmèt la sou li e priye sou li. Tout lòt inisye konnen fason pa yo pou jere zafè yo.
FASON POU FÈ PAFIM NAN KAY LA:

Ou ka jis boule plizyè kalte ansan ou ka ajoute ti priz souf ak kanf, ak asefetida, sèl. Si w gen youn nan plant ki site pi wo yo an poud ou ka ajoute 3 ladan yo. Ou ka boule fèy bazilik, fèy yon twoke ou nich, grese l ak lwil maskreti, epi itilize ti kleren blan byen fò pou boule yo devan lento ou papòt kay la, sou pa anndan, lese pafim nan (lafimen) an vwayaje atravè tout kay la. Epi lapè wi. Pafim sa ou ka fè menm apre w fin abite nan espas la, sitou lè w gen vye pèsekisyon fòs envizib swa k ap vin peze ou kouche w nan dòmi, ou si espas la ante ak vye nanm revenan. Epi Lapè!
Si w jwenn majorite engredyan sa yo ou ka pare beny kay sa kanmenm ak mezi sa w jwenn yo depi w gen bazilik, dlo, ti kleren ak pafen ou solid. Chaje lòt beny kay ou ka fè, chaje lòt dòz kèk moun ka bezwen fè, pa ekzanp Mayi Gra, Pafim, Plasman, Sogwe elatriye. Se sou #Medikaplant w ap aprann tour sa yo gratis sèlman.
Medikaplant
___________///_____________///__________________
#Medikaplant | #benyKay | #pafim | www.medikaplant.org



Mèsi
Avèk plezi Bibie!
Merci beaucoup
Avec plaisir Charbine!
Mesi pou bon travay ou Ton Vye
Mèsi Brenis!
Ton vye bonjr! Svp eske gen on rituel poum detwi fil arenye mh toujou ap wè nan chanm mwen kap pase sou kòm?
Eskize n pou reta a. Fil arenye souvan vini paske chanm nan gen imidite oswa li pa netwaye souvan. Netwaye l byen, ouvri fenèt yo, epi fè beny kay la jan atik la di.
Merci Medikaplant.
Si yon moun te fê benyy kay la ak kelke nan ingrédients ou sité la yo
(l’ail, girofle, sel,dlo) epi lavé toute rido drap ki te nan chanm sa.
San ke se pa yon bagay li te konen se jis lidé li ki te di li fé sa boné nan maten.
Epi nan aswé yon moun ki abité nan kay la ki apenn antré ki pat la pwan jouré li san rezon.
Ki sa sa vlé di dapwé ou???
Eskize n pou reta a. Paska, beny kay la pa ka fè yon moun joure. Konn gen tansyon nan kay la ki pa gen rapò ak beny lan.
Mw renmen travay wap fè a
Mèsi Florence!
Merci medikaplant pou pataj konesans sa
Avèk plezi Paul!
Anpil respè pou medikaplant🙏mesi pou konesans sa yo ou pataje.
Mèsi anpil Justmyco!
Anpil respè pou medikaplant🙏mesi pou konesans sa yo ou pataje.
Mèsi anpil Rolmy!
Nan zafè konesans, Medikaplant pa gen rival!
Mèsi anpil Christina!
Mesi mwen pap sifi pou gwo travay nap fè. Ke granmet souf lavi a kontinye ogmante konesans nou ak sajes.
Nap kontinye frape.Tout glwa pou granmèt Souf la.
Mwen renmen travay kap fet la mesi pou tout konesans nap pataje yo
Mèsi anpil Christopher!
Mèsi anpil, bon travay,,!!!
Mèsi anpil Woos!
Medikaplant banm fòmil pou fè pafim lakay la pou kwape move enéji!
Mèsi🤩
Eskize n pou reta a. Mèsi Lisebeth! Fòmil yo nan atik Beny ak Pafim lan. Pou plis detay, ekri nou sou WhatsApp nan 954 529 0705.
Mesi c fos vivant yo ki fem tonbe sou gwo bout tonton paj sila
Mèsi Herbine!
Medikaplant bon bagay nèt ale! Fòs nou se nan lanati… Medikaplant ap ede nou konekte ak lanati.
Mèsi anpil Sheila!
Bon travail
Merci Nat!