Plant yo gen anpil pouvwa, se p a de bagay yo pa ka fè. Se konnen ki fè! Plant yo ka kreye « fre » ki repouse move lespri, rejte ekspedisyon, pwoteje espas. Ou ka fè dòz sa pou kwape move lawon lakay oswa nan chanm ou. Si w santi prezans oubyen w ap pede wè lonbray pase, san w ap tresayi, kè w ap pede sote; si w reveye yon move lespri fènwa rantre ou rete anndan lakay ou pi dwe pafimen kay la. Si w fenk demenaje ou ka fè l tou pou pirifye espas w ap rantre a ak netwaye kay w ap kite a. Ou ka fè l kont ekspedisyon ak maladi tou. Si malad la fè kèk tan malad nan kay la.
ENGREDYAN:
– Fèy ekalipis + Fèy Zoranj si + grenn miskad
PREPARASYON:
– Melanje yo ansanm, depoze l devan pòt rantre kay la oswa chanm lan, sou pa anndan kay la; vide yon ti kleren blan ki fò sou yo, si w pa jwenn itilize Florida. Epi boule tout pazapa, pou lafimen an ka byen pafimen anndan kay la ak chanm yo.
Se konsa w fè yon pafim byen senp. Gen anpil lòt fason ou ka fè l, rete abòne ak paj la pou pa rate. Envite plis zanmi swiv nou.
DIPLIS:
– Bale ak wouze kay la byen wouze. Ou ka konpoze beny pou netwaye kay la menm jan w fè beny limyè Medikaplant lan, jis ajoute kanf + souf + 2 bout mètsiyen + poud bebe +Fèy zoranj si + 1 bout lalwa + grenn woli ladan.
– Pran abitid plase yon anana nan mitan kay ou, oswa yon kote nan kay la. Kenbe kay ou santi bon, gen plizyè chwa balèn santi ki efikas anpil. Depi w kapab toujou kenbe espas ou ye a pwòp ak santi bon.
_________/////_______/////_______________
#Medikaplant | #Ekaliptis | #Miskad | #ZoranjSi | #Pafim_Kay



Mw kontan fe pati de moun kap swiv ou gratitude 🙏
Mèsi Shedly, gratitid pou ou tou!