Passer au contenu principal

Medikaplant

Ki jan pou w bloke move lespri k ap vin kouche avèk ou nan dòmi?

Medikaplant.org

Dòz sa se pou w bloke move lespri k ap vin kouche avèk ou nan dòmi

Anpil ayisyen ap soufri anba gwo tounman kote move lespri ap vin kouche avèk yo nan rèv. Yo konn parèt sou plizyè fòm ak tout kalite vizaj: fanm kouche ak fanm, gason ak fanm, mal ak femèl, elatriye. Malgre anpil moun konsidere koze sa a tankou yon tabou oubyen yon senp sipèstisyon, gen plizyè santèn fanm ki ekri nou pou di yo bouke pran kou sa yo ki souvan boulvèse fwaye yo epi twouble sante mantal yo.

Gen moun ki kwè se yon senp echanj enèji sa ye, men se pa vre. Sèl fwa yon lespri ta vle pataje enèji ak yon moun, se ta yon sèl fwa sa ap fèt epi l ap pwofite sele moun sa a nèt. Tout lespri k ap fè koze sa yo soti nan fènwa.

Pratik sa a gen anpil danje ladan l, tankou:

  • Depresyon
  • Tout kalite maladi matris lakay fanm
  • Pwoblèm nan fwaye (maryaj), relasyon, pa ka rete ak yon moun
  • Pwoblèm enfètilite (moun nan pa ka fè pitit), ak anpil lòt ka ankò n ap trete la a.

Si w ta vle kwape oswa anpeche move lespri sa yo vin vyole w ak drive w nan dòmi (paske gen moun ki renmen sa tou), men 2 fason ou ka fè sa:

Metòd 1: Avèk plant ak pwodwi natirèl

Pou w fè tretman sa a k ap dire ant 30 a 31 jou, w ap bezwen fè 2 bagay sa yo:

A. Melanj pou w pase sou kò w chak swa:

  • Engredyan: Lwil de woz, ji zoranj si ak fèy zoranj si.
  • Preparasyon: Melanje ji zoranj si a ak lwil de woz la. Apre sa, fwote fèy zoranj si yo nan yon ti dlo, epi melanje tout ansanm. Pase melanj sa a sou kò w chak swa.

B. Pou w netwaye epi limen espas la:

  1. Lafimen: Pran yon ponyen fèy Tibonm (mant) melanje ak 21 grenn legliz (Abrus precatorius L). Boule yo sou papòt chanm lan pa anndan. Kite lafimen an gaye nan espas la pou chase vye lespri yo epi mete yon baryè sekirite.
  2. Limyè: Limen yon balèn woz (swa yon balèn ki tou nan bokal fayans oswa ou mete l nan yon bokal) epi poze l devan kabann ou.


Metòd 2: Pou moun ki kretyen (ki sèvi ak Labib)

Si w chwazi fè l ak Labib, w ap gen pou w li sòm sa yo chak swa pandan 1 mwa (30 jou):

  • Sòm 35
  • Sòm 46
  • Sòm 91
  • Sòm 118

Epi l ap mache! Menm jan gen tout fason ou ka manje manyòk anmè, gen plizyè fason ou ka rezoud pwoblèm sa a.

Medikaplant

_____________\\\\\\_____________\\\\\\\_____

#Medikaplant | #LESPRI | #Sèks

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè