Passer au contenu principal

Medikaplant

Oliv ak Lwil Oliv: Richès Pou Sante

Medikaplant.org

Nou tout sipoze gen yon boutèy lwil oliv lakay nou, sitou sa ki gen pi bon kalite a, ki ekstra vyèj òganik la, Pure Extra Virgin. Achte sa ki nan boutèy anbre ki parèt nwa, li pi byen pwoteje kont reyon solèy yo. Li fè kò nou byen anpil sitou sila ki fè kolestewòl. Li gen plizyè fason nou ka konbine l ak lòt plant tankou sitwon sitou pou detoksike kò n, redwi grès sitou nan vant nou.

Gen 73% nan lwil sa ki se asid oleyik, yon asid gra ki pa satire e ki bon pou kè n. Li chaje ak antiyoksidan natirèl tankou polifenòl ki ka ede kò a debarase vye radikal lib ki sous kansè; san nou pa blike vitamin K + vitamin E li gen ladan l. Sa l gen ladan l yo ba l kèk pouvwa ak pwopriyete ki bon pou sante kò nou.

Lwil Oliv ede ogmante bon kolestewòl, diminye move kolestewòl. Lwil doliv, wowoli, Omega 3, berejèn, Fenigrèk medikaman mèvèy pou moun ki fè kolestewòl. Li ede balanse kolestewòl la nan nivo ki sanitè.

Kèk Pouvwa ak Benefis Plant sa:

– Li bon pou sante sèvo w. Li ede evite stwok (AVC) ak konbat maladi Alzaymè. Li ede fè prevanasyon ak batay kont depresyon.

– Li ede pwoteje kè w ak evite maladi kè. Li fòtifye tout sistèm kadyovaskilè a

– Prevansyon kont kansè tete

– Ede elimine konstipasyon

– Ede n jere gwosè ak seksi n, konbat obesite, kase vant. Mete 3 bouchon nan yon vè + pire 1 bò sitwon, melanje l byen, epi bwè maten ajen kòm detoksifyan e pou ede kase vye grès nan vant nou.

Pinga nou janm konfonn Oliv ak Doliv (ki se bennzoliv ou Moringa). Se 2 plant diferan, Ayisyen konn bay menm non « doliv » la. Nou kiltive doliv Moringa a men nou pa kiltive oliv la Ayiti, byenke nou ta sipoze fè sa.

– Fasilite trètman pankreyatit ak pwoteje kò a kont ilsè nan trip.

– Li bon pou zo nou, li fòtifye yo

– Li pwoteje ak repare po n. Si n vle tout ekla po n byen sòti, konsome l.

Nou ka konsome l kri, lè sa l pi bon. Men si n ta oblije chofe l, nou pa dwe depase pwen lafimen an (Smoke point lan | Point de Saturation). Tout lwil ki depase pwen sa, koumanse dezentegre, l ap okside epi plibere radikal lib ki pral lakoz nou devlope tout kalite maladi. itilize lwil doliv la sou salad nou, itilize jan nou prefere nan resèt manje nou. Se yon gwo trezò.


DIPLIS Pou Moun Ki fè Kolestewòl Wo:

Jere Kolestewòl wo: itilize lwil Pure Extra Virgin Olive, Pran Omega-3, Manje Wowoli (Sesame), No Shrimp, Bèf 1-2 X mwa, evite lèt/fomaj, evite vye grès, rafrechi youn ou de twa nan plant sa yo: berejèn/chou/kreson/konkonm oswa itilize nenpòt fwi nan resèt ji kolestewòl Medikaplant lan.

________________////________________////__________////__________________

#Medikaplant | #LwilDoliv

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè