Sipò pou Fanm ki Gen Twonp Bouche epi ki Swete Ansent
Lè yon fanm ap fè fas ak pwoblèm twonp bouche, sa pa vle di rèv li pou vin manman fini. Nan anpil ka, bon abitid, bon nitrisyon, ak itilizasyon plant tradisyonèl yo ka ede soutni kò a pandan l ap chèche retabli balans li.
Yon melanj ki fèt ak Safran, Jenjanm, Pwav Ginen, Kanèl, Sitwonèl, ak Po Sitwon se youn nan dòz tradisyonèl yo itilize pou ede soutni sistèm repwodiktif fanm nan apre règ fini.
Plant yo se sèlman yon pati nan pwosesis la. Li enpòtan tou pou:
Pran swen sante repwodiktif ou an jeneral
Kenbe yon alimantasyon ki rich an vitamin C natirèl
Masaje anba vant la ak lwil Maskreti selon tradisyon an
Chèche konnen kòz pwoblèm nan epi travay sou li avèk pasyans
Preparasyon ak Itilizasyon
Si fanm nan poko janm fè pitit, li ka mete 1 lit dlo pou bouyi. Pile 2 moso safran ansanm ak 2–3 moso jenjanm, ajoute yon ti kal pwav Ginen, 3 moso kanèl, epi mare 2 branch sitwonèl tankou yon ne nan tèt yon tifi. Lage tout engredyan yo nan dlo a ansanm ak 1 wonn po sitwon.
Kite l bouyi oswa tranpe byen pou engredyan yo lage pwopriyete yo nan dlo a. Bwè 1–2 tas pa jou depi règ la fèk fini jiskaske peryòd ovilasyon an kòmanse.
Pou moun k ap eseye ansent, li enpòtan pou gen rapò seksyèl pandan peryòd fètil oswa peryòd ovilasyon an, paske se moman sa a chans pou yon gwosès rive pi wo.
Nòt enpòtan: Anvan w antre nan nenpòt pwotokòl fètilite, li enpòtan pou w fè yon evalyasyon medikal. Ale wè yon jinekològ (OB-GYN), fè sonografi ak lòt egzamen ki nesesè yo pou konnen si gen fibwòm, kis, andometryoz, enfeksyon, oswa lòt kondisyon ki ka afekte kapasite pou ansent. Lè w konnen kòz pwoblèm nan, sa ede w chwazi sipò ki pi apwopriye pou sitiyasyon pa w la.

Anvan ou pran dòz te sa, li enpòtan pou w fè Dòz Fanm Djanm lan, gade nan Bibliyotèk la anba Dòz ak Fòmil oswa chache li nan kazye rechèch la.
Yon rapèl enpòtan pou tout medam yo:
Nou gen plizyè dòz pou fètilite, matris, ak sipò sistèm repwodiktif sou sit la. Men anvan tout bagay, li enpòtan pou w konnen egzakteman sa w genyen. Sinon, se kòve w ap fè.
Kesyon ou dwe poze tèt ou lè w vle ansent:
Èske w janm ale wè yon jinekològ?
Èske w fè sonografi oswa lòt egzamen?
Èske yo jwenn fibwòm, kis, andometryoz, enfeksyon, adezyon, oswa yon lòt kondisyon?
Pa gen yon sèl dòz mirak ki geri tout pwoblèm. Chak fanm gen pwòp istwa pa li, pwòp kondisyon pa li, ak pwòp bezwen pa li. Se poutèt sa li enpòtan pou idantifye rasin pwoblèm nan anvan w chwazi yon pwotokòl oswa yon dòz.
Yon bon egzamen ak yon bon evalyasyon kapab ede w konprann sa k ap pase nan matris ou, ovè ou, twonp ou, oswa sistèm repwodiktif ou an jeneral. Lè w konnen sa w genyen, sa ede w pran desizyon ki pi saj pou byennèt ou ak objektif ou genyen pou vin ansent.
Kenbe la. Pa dekouraje. Kontinye chèche konesans, pran swen kò w, epi fè chwa ki baze sou enfòmasyon serye.

DIPLIS:
Chak swa masaje anba vant ou ak lwil maskreti 1-2 mwa pandan n ap pran dòz yo epi pran vitamin C natirèl, men nan kèk plant nou ka jwenn yo: zoranj, tomat, kiwi, pwavwon (gwo piman dous | sweet peppers), bwokoli, Ti chou Brussels yo, kiwi ak anpil lòt ankò…lè se yon enfeksyon rabi ki bloke twonp yo, li enpòtan pou w konsome lamanjay ki chaje vitamin C, anpil fwa si w byen konsome sa sèlman te ka deloke twonp yo pou ou san gwo jefò.
_____________///______///_______///__________________
#Medikaplant | #Te_Ansent | #Twonp_Bouche |#Dòz2 | #Dòz1 — #TeAnsent #FanmDjanm #SanteFanm #MatrisDjanm #KonesansTradisyonèl #MedikaplantOrg #Medikaplant | #TeAnsent | #TwonpBouche | #Fètilite | #SanteFanm



Ki kote map jwenn pwav ginen an?paskem gen fibwom
Bonjou Stephanie! Ou ka jwenn Pwav Ginen nan mache Ayiti, kote machann epis yo, oswa sou entènèt (Grains of Paradise / Aframomum melegueta). Atansyon: te sa a nan atik la fèt pou sistèm repwodiktif fanm nan, li pa yon tretman pou fibwòm. Pou fibwòm, pran yon konsiltasyon sou medikaplantshop.com.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
@Adina, plen dòz pou fètilite ak matris sou sit la. Ou dwe konn sa w genyen nan matris oswa sistèm repwodiktif ou sinon se kòve w ap fè. Èske w janm ale wè jinekològ? Èske sonografi yo revele yon bagay? Pa gen yon dòz mirak geri tout, idantifye rasin pwoblèm nan epi kounye a vin pran dòz ki bon pou sa w genyen an dirèkteman. Kenbe la.
Mesi anpil ton Vye
M pral fè dòz sa m promet aprè rezilta map vinn pataje eksperyans lan avèk nou
Mèsi anpil Sherline, n ap tann bon nouvèl ou!
M fè tt sa yo anyn pa janm mache mpa janm ansent tt sa yo di ki bon m pran yo
Eskize n pou reta a. Adina, m konprann jan sa fè w mal. Pi bon nou gade sitiyasyon w an prive: https://medikaplantshop.com/consultation/