Non Syantifik: Heliotropium indicum
Lòt Non: Gen lòt zòn ki rele l vèvenn krèt kòk oswa vèvenn pyan oubyen zèb pyan, zèb malen, krèt kòk zenn.
Ann Ayiti, izaj plant sa limite prèske ak trètman maladi je tankou katarat, gòj fè mal, lalwèt tonbe, amigdal, elatriye, ji fèy yo lè w pile yo pou geri maleng ou blese, sikatrizan move move; men poutan ji fèy sa ka fè mirak nan plizyè depatman; tout kò plant lan bon kont emowoyid.
Krèk Kòk pa vle wè vye grip/rim, malarya menm se gwo lennmi l, enflamasyon nan ren (pa senti nou non), li jere eksè (lè w gen twòp) asid irik nan kò n, depi w chofe dlo vide sou flè a, toufe l pou 7-10 minit ou tou gen yon sidorifik efikas nan men w zanmi m.
M p ap janm ka site tout byenfè plant sa. Li trete yon dividal sentòm ti nana nan yon ti tan.

DOZAJ
Dozaj estanda pou fèy yo jeneralman se 30g (frèch) | 25g (sèch) + 1 Lit dlo, bouyi 7-10 min. Filtre epi baton. Men sa ka varye lè w ap itilize plant lan ak lòt plant. Chaje dòz nou ka konpoze ak plant sila.
Èske n te konn plant sa deja? Osa wè l bò lakay nou? Si w jwenn li fè foto l, epi voye l pou no nan Medikaplant oswa postè l anba pòs la, epi di nan ki zòn ou jwenn li.
______________\\\\\\_________||||_____
#Medikaplant | #KrèkKòk



Mwen rete non clercine 12 Mwen wè ki lève nan Lakou WA. Mwen pat janm konnen non li, poukisa li bon, merci MedikaPlant, paske ou aprann Mwen de li
Mèsi Josué! Kontan w konnen l kounye a.
Bonjou Medikaplant, kijan mwen kapab itilize krèkòk lan pou trete katarat silvouplè?
Eskize n pou reta a. Badjot, pa mete krèt kòk nan je. Katarak bezwen yon doktè je (oftalmològ).