PUISANS GRANMÈT SOUF LA
Souf la | Kreyatè Siprèm li
Se « Souf » la ki pèmèt tout sa ki viv sou latè vivan. Li se eleman vital esansyèl pou garanti lavi nou sou latè. Nan tout inivè am nan tout plan ki ekziste yo, se sèlman Kreyatè Siprèm nan, sila « Ki Pa Gen Sou Tèt » la, se sof li menm ki ka kreye e konn sekrè Souf la. Se pou rezon sa, nou ka idantifye li sèlman kòm Granmèt Souf la, yon tit inik ki depaye l ak tout lòt antite kèlkeswa nan ki plan ou dimansyon li ye.
Misyon pakou a | HOÏS
Misyon premye pakou nou nan HOÏS se pwopaje limyè pou louvri je, ak ede moun ki dewoute yo jwenn chimen desten pèsonèl yo pandan pasaj yo sou latè. Sa yo posib, sèlman si n koumanse nan fondasyon sakre a ki ekzije pou nou rekonèt ekzistans ak Puisans Granmèt Souf la kòm sila ki pa gen sou tèt la; sila ki konn tout linivè a nan fondas li; ki jan ak pou ki rezon li te kreye mond lan.

Difikilte anpil moun kontre nan jwenn chimen dimansyon limyè a chita nan dewoutman moun nan. Twòp manti alamòd, twòp chalatan ap demokratize inyorans, nou gen devwa pou n pataje limyè a pou ede plis moun ki dewoute jwenn chimen desten pèsonèl yo pou yo ka reyalize misyon yo pase vin ranpli sou latè. Pakou a vin pi difisil sitou lè w te deja dewoute, fòk ou mete granmoun sou ou pou rejte ak koupe fache ak tout sa ki ka rale w tounen nan fènwa a. Nan majorite ka, sa mande w pou w dezaprann tout fo ansèyman ou te resevwa nan men chalatan, gouwou espirityèl ak fo pwofèt. Sa konn ande pou w pase pa degre zewo mistik la. Premye etap sou chimen aprantisaj ak evolisyon yon espirityalite solid. nan etap sila, ou se yon tyovi inosan ki devwe pou kiltive sajès ak imilite. Yon pèleren k ap chache limyè ak verite pou transfòme lavi l, men ki solid ase pou l pa kite okenn antite ou vye vis detounen l. Degre zewo mistik la ekzije w pa fè okenn rityèl majik men travay sou tèt ou pou w ka vini ann eta. Lè w vin nan bon eta sa, ekla w soti, ou briye nan je tout moun, Se pa nenpòt ti van k ap fè w bite.
HOÏS
Medikaplant



Hoïs ton vye ewol
Mèsi frè m. Nou la ansanm sou pakou a.
Kijan nou ka fè pou nou sot nan fènwa an
Kijan pou nou dekonstui tèt nou ak tout koze relijyon espirityalite ki genyen sou rezo sosyal yo.
Mwen menm m gen environ 2 ak 3 lane konsa depi apre lekòl klasik m ap chache , m al legliz pandan kòmansman ane 2021 an m kwè m ale nan etid bay pou m prezan jou dimanch apre m deside konvèti, repanti nan yon legliz batis men m pa fè 1 mwa m abandone paske m santi l pa ase , la m vinn jwenn pil group ak paj ki ap pale de vodou m deside fouye paske se kilti m men se pa yon bagay m te renmen m vinn ap aprann renmen l, m tonbe nan gnose ,nan kabal,nan bagay kemetis,m vinn bay vag ak koze legliz lan ni m kòmanse repouse lòt yo tou …men m ap chache m pa konn sa m ap chache a m jis ap teke sou chak sa m jwenn ,nan mwen menm m santi m poko jwenn sa m vle an men m jis pa konn sa m ap chache an , mwen toujou nan konfizyon m jis vle aprann pou m soti nan stad inyorans ak konfizyon an ,men depi m wè koze sou espirityalite m toujou anvi fouye zo nan kalalou
Eskize n pou reta a. Mèsi pou pataj ou Danica. Chak moun gen pwòp chemen pa l. Pran tan pou w aprann, li, obsève epi koute tèt ou. Nou ofri konsiltasyon si w ta renmen pale plis sou sa: https://medikaplantshop.com/consultation/
Map tann poum komanse ak nivo zero a, mèsi anpil pou moso konesans la
Mèsi Elwide! Nap kontinye pataje.
Merci pou travay empeyab sa wap fe pou nou nan kominote a🙏🏾
Mèsi anpil Gina!
Hoïs
Hoïs Bebie!
Mèsi pou limyè a, pou jan tou ou idantifye Granmèt souf la. Mwen ta bezwen plis limyè sou degre zewo mistik la. Eske sa vle di tou si w deside mache nan chimen limyè a ou dwe pran distans ak koze bitasyon an pou evite dewoutman.
Eskize n pou reta a. Mèsi Nancy. Mache nan chimen limyè a pa mande pou w rejte rasin ou, men pou w chwazi avèk konsyans. Nou ka pale plis sou sa nan yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/
Mèsi, men mw anvi pi bien koprann mo Hoïs la.
Eskize n pou reta a. Mèsi Johane! Hoïs se yon salitasyon ak yon idantite pou moun ki chwazi chemen limyè a ak lanati. Li atik la ankò pou plis detay.
Grandèt,
Eske li posib pou’w bay plis enfo sou degre zewo mistik la silvouplè?
Eskize n pou reta a. Mèsi Lourdy! Nap prepare plis enfòmasyon sou sa. Pou kounye a, ou ka pran yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/