Gen plizyè estasyon nan lavi a, kle a se rekonèt ki kote w ye nan pakou a epi pa dewoute. Swiv misyon w. Anpil moun ki pèdi espwa epi ki vle tiye tèt yo, se toujou moun ki pa konn pakou yo dwe swiv nan lavi yo, sètènman se moun ki pa idantifye misyon yo. Gen anpil kichòy ki ka simen latwoublay nan lespri moun nan k ap rann lespri l vin an boulatcha. Lè w nan pozisyon sa ou pa mèt tèt ou, nenpòt van ka bwote w ale. Li ijan pou w chache asistans.
Si w rete kanpe nan estasyon malè sila, kalfou dewoutman sa, w ap make pa sou plas epi vire an wonn san jamè brize sik sa. Danje ki gen nan travèse lanmè depresyon sa, se paske toutan ou rete estasyone ladan l se plis l ap anglouti w. Plis w ap nwaye nan fondè detrès la, se febli w ap febli. Dewoutman se pi move wout k ap ekate w sou pakou misyon w. Lè w dewoute se je w ki fèmen oubyen twouble. Je w dwe louvri pou w ka byen navige pakou a ak gen kontwòl plan w ap evolye ladan l lan. Depann dimansyon w atenn, w a menm rive evolye sou plizyè plan. Pakou desten pèsonèl ou sou latè sakre, echèk ou se yon gaspiyaj nanm.
Limyè a se bousòl pou oryante w, an menm tan li se sous ak destinasyon an. Depi w santi w pèdi wout la, jis louvri je w anbrase limyè a: fè zèv limyè, amonize ak lanati, selebre lavi, fèy beny plant pou dechaje bvye enèji ak manyetize bon enèji yo; transfòme tèt ou kòm ajan limyè, chache etabli kontak ak Granmèt Souf la pandan 3-7 jou, kote w pran yon pati nan jounen an, nan maten, pou w pale koze w bezwen, mande tout sa w vle sou pawòl ou. Lè w bay tèt ou misyon apresye lavi pa w epi pou travay pou sove ak pwoteje lavi, tout vi sakre nan ou, tout vi vo lapèn viv nan tout totalite l. Sa yo se premye pa pou rejwenn chimen w.
Chwazi Limyè a!

Beny pou Pye Cho: Sipò pou sikilasyon, cho-frèt, kout pyès, “batri”
Beny pou si w pile yon bagay epi pye w vin gen yon cho-frèt, oswa w pran yon


Mwen c limye em soti nan limye c sak fe map mache sou prinsip limye
Se sa menm, Saintanel. Kontinye mache nan limyè a. Mèsi paske w la avè n.
Mwen pa regrèt mwen tap swiv nou, nou edem anpil.
Mèsi, nou kontan sa.
Mèsi anpil pou ti koze sou dewoutman, pou mwen se yon gwo limyè.
Depi plis pase 3 lane tèt mwen an boulatcha. Mwen toujou mete sa sou laj ak pwoblèm lavi a. Mwen pat janm wè aspè, kite m di pito pati pèditan an pa rapò ak misyon sakre.
Kesyon: Eske gen yon laj pou yon moun konnen misyon w?
Eskize n pou reta a. Mèsi pou pataj ou. Pa gen yon laj fiks, chak moun dekouvri misyon l nan pwòp tan pa l. Kontinye koute tèt ou.
Merci Grandèt. Mwen pa konn kijan mwen fè rive sou sit la. Mwen pat menm konnen li te egziste. Pawòl sa yo konfime sa’m te deja konnen, e yo se konfimasyon ke gen zye kap gade’m e zorèy kap koute’m menm lè mwen panse mwen pèdi koneksyon an.
Mèsi anpil Lourdy! Byenveni.