Bètrav se youn nan alikaman ki pi puisan sou latè, pou kantite byenfè li genyen nou p ap ka rive site tout. Si w renmen sante w ou ta dwe bwè ji bètrav ou manje bètrav la.
Bètrav se yon plant mirak ki ka chanje lavi n. Si w gen pwoblèm konstipasyon, ou prale nan twalèt pa aksidan, w ap pase konbyen jou san w pa ale, bètrav ap ba w sa la pou la.
. Benefis BÈTRAV pou Sante nou:
– Bon pou pwoblèm kis ak fibwòm
– Ede pirifye san ak fwa
– Pran swen fwa w (si w malad nan fwa fè l bon zanmi w)
– Prevansyon kont kansè
– Kenbe kè w an sante
– Bon pou fanm ansent (folik asid natirèl)
– Diminye risk pou tibebe fèt defòme
– Detoksike kò a
– Prevansyon kont pwoblèm respiratwa
– Pran swen je w
– Ogmante sistèm iminitè kò a
– Prevansyon kont demans
– Ede amelyore memwa
– Prevansyon kont kansè
– Bay bann | ogmante stamina | andirans
– Amelyore dijesyon
– Prevansyon kont balonnman | konstipasyon
– Diminye move kolestewòl
– Desann tansyon wo
Se youn nan plant yon moun si w ka jwenn li pou w ta konsome l. Yon vè ji bètrav nan maten ajen ka fè mirak pou sante w,; yon fanm ki gen kis ka bwè 1 vè ji a mele ak yon ti melas (siwo kann), si l pa jwenn li ka pran l ak ti siwomyèl pandan 4-6 semèn. Pou fibwòm yo ka bwè 1 vè ajen chak maten san sik san sèl pou 7 jou (pou estimilasyon fwa a) apre sa gen lòt resèt n ap jwenn sou #Medikaplant. Se tout pati nan bètrav la ki bon anpil. Fèy bètrav la pi rich toujou pase bètrav la (rasin bètrav = beetroot). Pa jete yo, depi yo frèch, frikase yo ou manje yo tankou salad. Ou ka mete yo nan soup ou bouyon ou itilize yo nan resèt nan kizin ou.
_________________///________________////_______________


