Nan sekrè Medsin Tradisyonèl Ayisyen an gen koze ou p ap jwenn toupatou. Gen sekrè nan remèd fèy Ayisyen an, se nou ki genyen l lakay nou. Se pou sa li enpòtan pou nou pwoteje patrimwàn sa epi asire n fè transfè konesans sa pou sove ak pwoteje lavi.
Gen 2 plant, sikren ak chadwon, #Medikaplant deside ba nou kòm zouti lè n ap konbat dyabèt oswa maladi sik. Nou gen plizyè lòt pòs sou gwoup la sou dòz pou dyabèt, li enpòtan pou w konn ki tip dyabèt ou genyen: si se dyabèt gra/sikre/senp oswa si se dyabèt mèg/asidoz, nou ta ka di nan yon lòt langaj, dyabèt tip1 ak tip2, asire w verifye yo. N ap ajoute lòt dòz pou kwape maladi sa pou nou toujou, pou sezon sa, n ap poste plis sou sa epi ajoute rejim alimantè pou moun ki fè maladi sik. Si n konprann maladi yo, li pi fasil pou n trete yo. Nou ankouraje w toujou poze doktè w kesyon sou dyagnostik la epi pale ak lòt moun avize ki nan domèn lan, fè rechèch pèsonèl pa w.
ENGREDYAN: Sikren + chadwon beni
PREPARASYON: Bwè te sa yo san sik.
1) Dekoksyon 1 ponyen fèy sikren frèch pandan 7 minit. Bwè 3 tas pa jou pandan 7 jou. Fè dòz chadwon an nan semèn aprè a.
2) Dekoksyon 1 ponyen fèy chadwon frèch pandan 5 minit. wè 3 tas pa jou pandan 7 jou.
– Lè w fini rekòmanse ak dòz #1 an e repete dòz #2 a. Repete menm sik dòz sa yo 3 fwa youn apre lòt.
SA POU W FÈ ANVAN W REFÈ DÒZ 1 + 2:
– Anvan w renouvle sik dòz# 1 ak dòz #2 a, fè 3 jou ap bwè te sa boujon bazilik ak vèvenn vyolèt. Men ki jan pou w fè l: Tranpe pandan 10-13 minit (enfizyon) 5-7 boujon bazilik (ocimum basilicum) + 3 fèy vèvenn vyolèt (stachytarpheta jamaicensis) nan yon tas dlo. Bwè 1-2 tas pa jou pandan 3 jou sa. Apre sa rekòmanse dòz yo.
– Apre sa ou ka fè yon tranpe ak fèy Kaka Poul, yo rele l Sansès tou (vinca minor). Preparasyon: Nan yon tas dlo bouyi, mete 3-7 fèy « kaka poul » tranpe, ajoute 3-5 grenn sèl ladan. Lese l enfize pou yon ti tan. Bwe 1 ti tas anvan w manje, bwè l omwen 3 fwa pa jou pandan 3 jou sa yo. Ou ka fè l apre Bazilik ak Vèvenn lan oswa anvan, men ou fè yo nan espas ou fin fè Dòz #1 – #2 a anvan w repete dòz yo ankò.
DIPLIS: Rejim Alikamantè ekilibre + Ekzèsis + Dòmi + Zewo-Strès
– Konsome militon blan plis.
– Pandan moman sa ou ka boukannen berejèn pou w manje souvan.
– Nan manje n ap fè yo toujou mete omwen 3 grenn lay chak fwa.
– Kontinye swiv paj la ak fè rechèch pa w sou kalite dyabèt ou genyen an epi asire w devlope yon mòd vi ak aplike yon rejim alimantè k ap ede w viv yon vi nòmal e jwenn yon souf anba maladi sa. Toujou pale ak pwofesyonèl swen sante w la pou ede w amelyore kondisyon w. Men pa bliye remèd fèy yo ka ede w trete maladi sa.
__________///_________///______________///_______________
#Medikaplant | #Maladi_Sik | #dyabèt | #Sikren | #Chadwon



Bonjour MedikaPlant, mswete nou anfom.
Mwen gen yon ti nyès mwen ki gen 5 ane ak7mwa jodi a dokte di sik li wo anpil e nou pat konnenl t soufri sik eske mwen ka fè tretman sa a pou li tou svp,mwen mande paskem pa vle pou laj li ta two piti pou doz yo.
Mespere repons nou,mesi.
Bonjou Labelle. Pa bay pitit la tretman sa a. Yon timoun 5 an ki gen sik wo dwe swiv ak yon doktè timoun (pedyat) kounye a, paske sik nan timoun bezwen tretman rapid.
Mw kontan jwen sit sa
Mèsi Arielle!
Eske fey sekren an pa gen yon lot non???
Eskize n pou reta a. Non li ka chanje selon zòn nan. Gade paj Bwa Yo sou sit la pou wè non syantifik li ak foto, oswa ekri nou sou WhatsApp nan 954 529 0705.