– Alopesi: Chit/pèt cheve ou pwèl
– Anjin: enflamasyon nan gòj
– Kaminatif: ki elimine gaz nan vant
– Depiratif: ede elimine move sibstans toksik yo soti nan òganis yo
– Dismenore: doulè règ, règ difisil.
– Amenore: règ pa vini, absans règ
– Non syantifik: se sou non sa yo rekonèt plant lan nan kominote syantifik la. Li ede idantifye plant yo: Ekz, jis tape l sou Google, l ap ba n foto + non plant lan nan lòt lang.
– Fitoterapi: itilizasyon plant oswa lòt sibstans vejetal kòm terapi, yo itilize tèm sa pou reprezante domèn remèd fèy la tou.
–
……….Lis l ap grandi ti pa ti pa.



Doz pou nan’m ki fèm feb epi zye mw brile Mwen
Bonjou Wawa! Fatig ak zye ki brile ka gen plizyè koz (dòmi, tansyon, sik, zye sèk…). Se pou sa nou pa ka ba ou yon dòz san nou pa konnen ka w. Fè yon doktè zye egzamine w, epi pran yon konsiltasyon avèk nou sou medikaplantshop.com pou pati fatig la.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
Bon bagay. Mèsi pou bèl enfòmasyon sa yo nan lang kreyòl la Creole101.com
Mèsi Louis!
bon travay medikaplant ..
Mèsi anpil kolo!
Bravo médikaplant, kontinié travay pou édé nou fè plis konfias ak fèy bwa yo , Bondye te preskri nou köm médikaman.
Mèsi anpil Annyted!