Dòz sa nou ka pran 1 tas apre repa ou leswa, n ap wè efè a rapid vit. Bat pou n pa tou adikte.
ENGREDYAN:
Safran + Lèt + Siwomyèl + poud kanèl + miskad + lòt plant-epis (swivan chwa w)
PREPARASYON:
Lèt Dore (Golden Milk), sa vle lèt ak safran. Itilize 1/2 ti ti kiyè poud Safran nan 150 miliLit Lèt cho ou bouyi – 1 oswa 2 fwa X jou. Simen ti poud kanèl ou miskad sou tèt lèt dore a. Ajoute yon ti zing pwav ladan, se pou pèmèt kò a absòbe safran an 2000% paske kò nou pa ka absòbe anpil kikimin (curcumin) ki se engredyan aktif ou jwenn an kantite nan safran an.

– Lòt fason w ka prepare l: si w gen safran frèch, ou ka pile ou blennde de twa bout epi w mete l bouyi pou 5 minit, apre ou vide lèt ladan l nan tas la, epi ou ajoute lòt plant nou site nan premye metòd preparasyon an.
– Sonje w ka ajoute lòt plant pou ranfòse dòz la swivan ki sa w ap chache men pa konplike l twòp.

TI DETAY:
Te Dore a oubyen Te Safran: se yon te ki popilè anpil lakay Endyen yo. Nenpòt moun ka prepare l byen fasil. Men yon fason pi efikas ou kapab fè l: jis mete lèt la bouyi, epi ajoute poud safran an – epi yon ti pense pou kanèl ou ka ranplase pa miskad si w pa gen kanèl, mete yon ti zing pwav pou ede kò w absòbe kimin ki nan safran an pi byen. Chofe l pou yon 10 minit anviwon kou l pre bouyi li deja pare. Pran plezi w.
Medikaplant
www.medikaplant.org
_________////__________////___________
#Medikaplant | #Rasin | #Ayouveda | #Iminite |#Lanati




Lèt dore a se gwo koze. Mèsi pou pataj la!
Mèsi Mario! Yon tas lèt dore aswè, se yon bèl kado pou kò a. Sante se richès! 🌿
Merci ton Vye me tonbe sou lèt dore sa tro ta tèlman m santil fè kòm byen
Pa janm twò ta Edwige! Kontan lèt dore a fè w byen.
mwen ap viv usa..
Mèsi kolo! Kontinye konsa.
kibo mwen k jwen tout bagay sa yo achte??
Eskize n pou reta a. Ou ka jwenn pifò engredyan yo nan mache oswa nan boutik nou an: https://medikaplantshop.com