Passer au contenu principal

Medikaplant

Lis Plant + Non Syantifik

Medikaplant.org
Langaj Teknik · Lis plant

Lis plant ak non syantifik yo

Non kreyòl plant medsinal ak itil an Ayiti, ak non syantifik ak fanmi botanik yo. Nou revize tout lis la: non ki te mal ekri, ansyen non, fanmi ki chanje, ak kèk erè idantifikasyon. Klike sou yon plant pou wè sa ki chanje.

0plant nan lis la
0liy nou korije
0fanmi botanik
0lyen ak Glosè Bwa Yo
!

Lis sa a se pou etid ak idantifikasyon sèlman, se pa konsèy medikal. Plant ki make Pwazon yo ka fè gwo domaj si yo mal itilize. Fanm ansent, timoun ak moun ki pran medikaman dwe konsilte yon pwofesyonèl sante anvan yo sèvi ak nenpòt plant.

Korijenon oswa fanmi chanjePou verifyeidantifikasyon pa fin sètenPou idantifyepa gen non syantifikPwazondanje si mal itilizech. 05fich konplè nan Bwa Yo

Revizyon 2026

Erè ki te pi grav yo

Fanmi botanik

Fanmi ki chanje non

Lis orijinal la te sèvi ak ansyen klasifikasyon an. Jodi a, botanis yo swiv APG IV (2016), ki baze sou ADN. Men chanjman ki pi souvan nan lis la:

Ansyen fanmiFanmi jodi aEgzanp nan lis la
Metòd

Kijan nou korije lis la

  • Chak non syantifik tcheke ak POWO (Kew) ak World Flora Online. Lè yon non chanje, nou kenbe ansyen an kòm sinonim.
  • Fanmi yo swiv klasifikasyon APG IV.
  • Pye bwa yo konpare ak Glosè Bwa Yo (Timyan, 1996), ki te pèmèt nou ranpli kèk liy ki te vid.
  • Lè menm non kreyòl la sèvi pou plizyè plant, nou di l nan nòt la. Lè nou pa sèten, nou make l pou verifye olye nou devine.
  • Liy ki te double (menm plant, de non) mete ansanm.
Ede nou

Ou konnen yon plant ki pa idantifye?

Gen kèk non kreyòl nou poko ka mete yon non syantifik sou yo (bèl zanmi, kokliko, lanman, zèb gal…). Si ou konnen plant lan, voye yon foto fèy, flè ak fwi li ba nou, ak zòn kote l pouse.

plant@medikaplant.org · oswa kite yon kòmantè anba a.

Sous: lis orijinal Emmanuel W. Védrine; Joel Timyan, Bwa Yo: Important Trees of Haiti (SECID, 1996); POWO; WFO; APG IV (2016). Revizyon: Medikaplant, 2026.

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè