Tout fason ki ekziste pou rele Kreyatè Siprèm ki “pa gen sou tèt” la, sa vle di ki plase pi wo pase tout antite, se mannyè moun ka konprann dimansyon ou divès atribi nan puisans Li. Referans sa yo dwe inik epi atribiye tout bon vre ak Antite Siprèm lan sèlman. Granmèt Souf la, se paske se sèl Li menm nan ki kreye e ki konn sekrè Souf lavi a ki pèmèt tout sa k ap viv yo ekziste.
Pyès lespri sou latè ou atravè linivè pa konnen sekrè souf la, ni ka mete l sou kò kadav la, si se pa Granmèt la. Puisans li evidan nan kreyasyon lavi a ak nan yon enfinite kichòy atravè tout plant ekzistansyèl yo.
Nan yon mond kote fènwa a si tèlman pwès, tèlman gen ajan fènwa k ap pwomote tout modèl koze pakoti pou twouble lòlòj moun, li enpòtan pou nou fokis sou wete vye rapò fènwa ki nan sèvèl viktim manti y ap pwopaje ak anseye yo pou nou deklise verite ki gen sou Limyè. Devan dimansyon Granmèt Souf la, tout antite ak sa ki ekziste se pwostène. Ekzistans ak Puisans Granmèt Souf la predate tout sistèm espirityèl ak relijyon. Yon lespri ki poko pare pou konprann sa, se yon lespri wòwòt ki manke limyè. Tout antite ki ekziste konnen ekzistans Sila Ki Pa Gen Sou Tèt la.Men gen anpil sòlda fènwa k ap demokratize inyorans nan mennen kanpay pou presipite zanfan Limyè yo nan fenfon fènwa a. Ou pa dwe gen okenn dout sou ekzistans Kreyatè Souf la paske se atravè l nou tout ekziste, se sèl li ki gen tout puisans yo ansanm nan li.
Lè w konnen verite a, ou vin tounen yon moun byen kwit, pyès antite pa ka trennen w nan kan pa l paske ou deja chwazi kan pa w. Nan konba etènèl Limyè Vs. Fènwa a, Limyè a san pari. Li toujou pote viktwa. Lè w chwazi limyè a ou dwe travay di sou tèt ou, sakrifye w pou w transfòme tèt ou an: yon reprezantan Limyè a.



Mesi ak grandmet souf la
Mèsi anpil Saintanel. Granmèt Souf la kenbe nou tout. Bon lekti!
Mèsi pou ti moso lenstriksyon wap pataje ak nou
Avèk tout kè nou, Narius! 🙏🏾
komanw ka vin yon ajan limyè ki pwosesis ou k swiv pouw elve tèt ou nan dimansyon limyè a?
Eskize n pou reta a. Jimmy, se yon chemen pèsonèl. Kòmanse ak lapriyè, meditasyon, ak swen kò w.
Pa gen diskisyon sou pisans Granmèt souf lavi ya.
Amèn Kesnol!
Amen
Amèn!
Hoïs
Hoïs!
bonjour
Map remesié ou pou deskripsion Granmet souf la pou nou min m gin 2 kestion pou ou koman nou ka transformé n e sakrifié n pou n gin kontank direkt ak Granmet Souf la? ou ka plis elargi pou nou pou n ka gin plis zouti pou n ka fè l bien
Eskize n pou reta a. Mèsi Bénédicte. Kòmanse ak lapriyè ak tan an silans chak jou. Nou gen klas sou sa sou hoismedikaplant.com.
Mèsi, mw vrèman reteouve m🙏
Mèsi Johane!
Très intéressant et instructif
Merci Charles Hervé!