Passer au contenu principal

Medikaplant

Sene (Senna): Gwo Medsin Lavman Natirèl, Ede Pèdi Pwa

Medikaplant.org

Sene se yon plant popilè nan plizyè peyi, yo itilize l nn Medsin tradisyonèl ak menm Medsin konvansyonèl la tou toupatou. Men kèk non li genyen:

Non: Sene, Sèn

Non syantifik: Senna alexandrina | Cassia senna L.

Non Fransè: Séné d’Alexandrie, Casse, Canéficier, Séné de l’Inde, Séné d’Egypte

Non Panyòl: Sen, Sena alejandrina , Sen de España, Sen de Jartum, Sen de Tinnevelly, Sen de la India

Non Anglè: Egyptian Senna, Tinnevelly Senna, East Indian Senna, séné de la palthe, Bombay senna, Casse, Indian senna, Senna, Tinevelly senna.

Non Pòtigè: Sen, Cássia, Cene, Fedegoso-do-rio-de-janeiro, Lava-pratos, Mamangá,.

Si w nan yon lòt peyi ki pa gen lang li site la, jis itilize non syantifik plant lan epi tape l sou Google l, mande ki jan yo di l nan lang ou bezwen an.

Si w bezwen pran yon medsin sitou pou moun ki nan dyaspora yo, youn nan plant ki pi fasil pou ba nou sa rapid se Senna (Sene). Se youn nan plant laksatif (ki fè w twalèt) ki efikas anpil. Fè atansyon ak kantite w ap bouyi a paske li puisan anpil, si w konnen w gen travay ou soti pa pran li non. Ou ka melanje l ak jenjanm pou konbat doulè règ. Li ede elimine vè nan trip. Li efikas anpil. Doktè yo konn souvan preskri pasyan yo Senna sou fòm konprime ou kapsil pou vide trip yo anvan yo ale fè ekzamen kolonoskopi. Yo vann li nan majorite famasi kòm laksatif.

Plant sa chaje benefis li pa sèlman sèvi kòm yon gwo metsin. Men kèk nan lis byenfè plant sa genyen:

Li amelyore sistèm defans kò a (iminitè)

Li ede pèdi pwa pou moun ki bezwen pèdi pwa

Se yon gwo remèd kont endijesyon

Li trete konstipasyon

Li netwaye ou fè lavaj trip

Li fè cheve w djanm epi l anpeche cheve kase

Li bon kont enfeksyon po

Li bon kont Emowoyid

KÈK LÒT PLANT ANN AYITI KI KI KA SÈVI NAN PLAS SENNA:

Nou gen de twa plant ann Ayiti ki plis popilè ki klase pami Cassia yo tou ki ka sèvi kòm medsin e ki gen kèk nan fonksyon plant Senna a tankou Flè dat ou dat ki plis itilize pou dyare olye medsin (Cassia alata L. | Senna alata); men genyen ki se bon medsin tou tankou Bwa Kabrit (Cassia emarginata L. | Senna emerginata) fèy plant sa se gwo medsin si w ta vle pran lavman; gen Kas (Cassia fistula L. | Senna fistula) ou ka pire fwi a kòm medsin; nou genyen Pwa Pyant (Cassia occidentalis L.) tou nou ka itilize fèy yo pou medsin. Men tout plant sa yo gen byenfè pa yo tou, n ap gen pou prezante yo grenn pa grenn sou paj la.

SI W VLE PRAN MEDSIN AK PLANT SENE: Fason pou fè Medsin lan

PREPARASYON:

1e Metòd la (Dekoksyon):

Bouyi 20g fèy (sèch) oswa 25g (frèch) nan 1 lit dlo pandan 7-10 minit, lese l tyèd pase l nan paswa, epi bwè nan maten.

2èm Metòd (Enfizyon):

Pran yon lit dlo bouyi epi ajoute 20g fèy (sèch) oswa 25g (frèch) ladan l, lese l chita pou 10-15 minit; pase l nan paswa, epi bwè nan maten.

Avètisman:

Fanm ansent swe rete lwen plant sa. Si w ap bay tete li pa bon pou pran tou.

Nou ka jwenn li achte sou entènet la, men asire n jwenn bon kalite. #Medikaplant gen tout plant ou bezwen ou ka toujou mande n si w bezwen.

Sous: Google

_________///_________///_________///_________________________

#Medikaplant | #Senna | #Sene | #Medsin | #Lòk | #Lavaj

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè