Ekspozisyon Lontan nan Asenik: Yon Danje Reyèl!
Pwoblèm anpwazònman ak asenik la vin pi grav lè yon moun ekspoze a li sou yon long peryòd tan. Sa a se yon vrè danje pou sante nou.
Kèk Egzanp nan Mond la:
Nan zòn tankou Bangladèch, gen rejyon kote se dlo pou yo bwè a ki kontamine anpil ak asenik.
Ayiti, menm si ka yo ka diferan, nou plis ekspoze atravè diri nou yo ak kèk lòt pwodui n ap konsome.
Konsekans Grav sou Sante:
Raple nou, etid syantifik montre depi kèk tan, ekspozisyon kwonik nan asenik ka lakòz:
Maladi Kadyovaskilè (pwoblèm kè ak sikilasyon)
Kansè
Pran mezi detòks jeneral ak rejim alimantè sou MedikaPlant pou pwoteje tèt ou kounye a!

Anpwazònman ak Asenik (Arsenic) – Definisyon, Prevansyon ak Premye Swen
Kisa Asenik Ye?
Asenik se yon pwazon (toksin) natirèl, men li ka soti nan aktivite moun tankou min, oswa pwodui endistriyèl. Li pa gen sant, pa gen koulè, e li pa gen gou. Se yon eleman chimik ki la anpil nan lanati (tè, dlo), men li ka trè danjere pou sante lè l antre nan kò a nan gwo kantite. Li ka akimile nan manje tankou diri (sitou diri ki grandi nan tè ki genyen l), e li lakòz anpil pwoblèm sante grav, sitou pwoblèm po, kansè, ak domaj nan sistèm nève a.
Si w Sispèk Anpwazònman Asenik (Prevansyon ak Detòks Jeneral)
Si w Ayiti, e sitou si w konsome diri « pèpè Miami » yo souvan, ou ta dwe pran mezi prevansyon sa yo:
- Detòks Jeneral: Anvan tout bagay, kòmanse ak yon Medsin Lavman pou netwaye gwo trip yo rapidman. Ou ap bezwen netwaye san w, ren w, ak fwa w tou. W ap jwenn lòt dòz detòks sou paj Medikaplant la.
- Rejim Fwi ak Legim (7–14 Jou): Fè yon rejim kote w manje fwi ak legim (fèy, salad) sèlman, pandan 7 a 14 jou.
- Evite: Vyann, pwodui animal, lèt ak pwodui letye.
- Konsome: Manje yon zoranj chak jou pandan 7 jou omwen. Manje melon ak lòt fwi dlo sa ki gen grenn. Fwi bè (berries) bon anpil pou netwayaj.
- Detoksifyan Natirèl: Bwè te plant ki ede netwaye san, fwa, ak ren regilyèman (vizite Medikaplant.org pou resèt).

Nan Ka Anpwazònman Grav (Premye Swen Ijans)
Si viktim nan anpwazonnen fatalman e grav (asimile anpil toksin), li enpòtan pou mennen l lopital rapidman. Men kèk premye swen natirèl ou ka fè pou ralanti pwazon an:
- Pwovoke Vomisman:Premye etap la se asire w fè malad la vomi pou retire pi fò pwazon an nan lestomak li anvan li dijere.
- Metòd Rapid: Mete 1 priz (anviwon 1 gram) silfat soud nan 3/4 vè dlo epi ba viktim nan bwè rapid.
- Metòd Natirèl: Ou ka ba li poud moutad nan yon vè dlo pou pwovoke vomisman, oswa itilize lòt plant pou sa.
- Netwayaj Entesten: Bay malad la 1 kiyè manyezi (magnésie) melanje ak ti dlo, chak yon espas tan done (ansyen metòd medsin natirèl la). Sa ede netwaye trip yo.
- Lwil ak Likid cho: Chofe yon tas dlo pou l redui demi tas, epi melanje l ansanm avèk 1 glòs (ti vè) lwil oliv extra vyèj (extra virgin olive oil). Bay malad la bwè l.
- Si w pa gen lwil doliv: Ou ka prepare yon lòk (likid gluan) ba li (sa ede pwazon an pa kole nan vant lan).
- Si w pa gen lwil doliv: Ou ka prepare yon lòk (likid gluan) ba li (sa ede pwazon an pa kole nan vant lan).
NÒT FINAL: Nan ka anpwazònman grav, toujou chèche èd medikal pwofesyonèl IJAN!
Medikaplant
www.medikaplant.org


