Passer au contenu principal

Medikaplant

Kèk Pwoblèm Po Nan Men ak Pye: Po Sèk, Riyèl, Zanpoud, Kò, Kòn,

Medikaplant.org

Fè diferans ant riyèl (crevasses), zanpoud (callosités/calus an fransè, callus an Anglè) oswa kòn (corne); gen kò nan pye tou (cors) epi gen po sèk ki dezidrate.

  • Po pye dezidrate a fasil pou idrate l ak lwil maskreti, gen moun ki melanje l ak pomad petroleyòm men li pi bon pou melanje l ak bè kariti, oubyen lwil damand dou ak lwil kokoye oswa gwo bè ou mantèg, rezon pomad yo konn gen sibstans toksik ladan yon ki pa bon pou kò n.

  • Zanpoud nan men oswa kò nan pye ou ka trete yo ak fèy vèvenn vyolèt plis ze poul peyi, ou ka itilize sa ze w jwenn kote w ap viv la. W ap kase 1-3 ze swivan kantite kò w bezwen trete a; w ap separe jòn ze a ak blan ze a, se blan ze a ou bezwen, ou ka fri jòn lan w manje apre si w ka manje ze. Pran blan else a mete nan yon bòl; w ap pile yon men fèy vèvenn frèch byen pile fen pou fè ma. W ap melanje blan ze a ak ma ak tout fèy vèvenn pile a byen melanje. Brase yo ansanm. Lave kò a pou dezenfekte l, epi pase pomad natirèl sa sou li chak jou lè w fin benyen e sitou aswè anvan w kouche. Fè sa pandan 2 semèn, l ap geri. Pa tann zanpoud yo pete, si yo pete ou ka ne trete yo fason sa men y ap geri pi vit ak opsyon nimewo de a.
    Opsyon #2: Si w pa konfòtab ak sant kri a ou ka melanje ma vèvenn pile a ak yon 3 kiyè lwil maskreti. Fè ti chofe yo tou lejèman pandan w ap brase yo pou byen melanje ansanm. Men se anvan w melanje l ak blan ze a pou w ta fè sa paske ze ap fri nenpòt ti chalè. Premye opsyon an ou senp, si w ka fè l senp kenbe l senp san lwil maskreti a. Lè w fin geri w a pase lwil maskreti pou bay po a konplèks yon orijinal li nèt.


Riyèl nan pye (crevasses)
MedikaPlant poste dòz pou trete sa deja nan fason Medsin Tradisyonèl la konn fè l depi syèk. Ou boukannen po bannann. Nenpòt po bannann ka fè l: misye, pouyak, gòsbòt/poban, bannann lougawou elatriye. Pile chabon po bannan sa w ap pase nan fant riyèl yo nan pye a. Ou ka toujou melanje l ak lwil maskreti pou yon aplikasyon pi agreyab.

Medikaplant
www.medikaplant.org

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè