Passer au contenu principal

Medikaplant

Pwa Pyant: Li Pwa, Li Kafe, Li Puisan

Medikaplant.org
Non Syantifik: Cassia occidentalis L.
Sinonim: Senna occidentalis
Lòt Non: Ti Kafe, Endigo, Gwo Endigo sovaj.
Non fransè: Café moka femelle, Séné occidental, Indigo, Gros indigo sauvage, L’indigo, Souveraine
Non Anglè: Septicweed, Negro-coffee, Coffee senna | senna coffee, Coffeeweed, Mogdad/Stephanie coffee, stinkingweed, styptic weed.

Gen twòp mirak plant sa ka fè, li gen anpil sekrè tradisyonèl ladan l yo koumanse bliye. Nou pede poste l sou Medikaplant e n ap kontinye bay detay sou li tanzantan. Gen anpil zanmi nou fè itilize l deja nan tretman kis ak fibwòm men moun yo toujou konn ap di yo pa konnen l.

Se yon liv pou n ta ekri sou pwa pyant lan sèlman. Tout kò plant lan se medikaman:
  • – Beny Pòspatòm: Fèy la nan beny lavman epi fèy,rasin nan beny pou fanm ki fenk akouche;
  • – Dyare| Lafyèv: èy la bon kont lafyèv ak dyare;
  • – Enfètilite: Rasin nan pou fanm ki gen pwoblèm fè timoun: dekoksyon
  • – Pile rasin nan ak fèy la kont gòj fè mal,
  • – Enflamasyon: Si w bouyi yo ou tanponnen janm ki anfle a,
  • – Malarya: tout plant lan nèt bon kont malarya,
  • -Pyè nan Ren: tizann fèy la kont pyè nan ren;
  • -Koklich, Bwonch fèb: fèy kont bwonch fèb ak koklich; -Tèt Fè Mal: se pou pile fèy yo epi mare yon konprès sou tèt malad la.
  • – Se yon tonik, se yon dyiretik
  • – Kis ak fibwòm: nou itilize rasin lan ak yon lòt epis popilè nan youn nan etap nan tretman espesyal Medikaplant fè pou kèk ra kliyan. (Sa se koze pwopriyetè pa Medikaplant)
Ann Ayiti se plis grenn nan nou itilize pou trete moun: griye grenn pwa pyant lan pou kontrekare dyabèt, ou ka prije fèy la tou jouk li rann ji, ak ji sa w fè konpoze a;
  • – Lafyèv | Sezisman: Lè griye grenn yo yo bon pou sezisman ak pou degèpi vye lafyèv
  • – Resere tisi ògàn yo: pou sa w ap pile grenn nan melanje ak ti dlo bouyi pou rann anndan w ak ògàn yo djougan.
Gen twòp byenfè ak vèti nan plant sa. Jaden plant ou pa dwe pa gen pwa pyant ladan l. Epi nan beny dyòk fèy pwa pyan se yon gwo zam, ou ka ajoute l ladan beny lan.
!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè