Passer au contenu principal

Medikaplant

Si règ ou anreta: sa w ka fè?

Medikaplant.org
ENGREDYAN:
  • – Zaboka (Persea americana)
  • – Bètrav | Bètwouj (Beta vulgaris L.)
  • – Zoranj si (Citrus aurantium L.)
PREPARASYON | POZOLOJI:
A) ZABOKA:
Bouyi 1 ponyen fèy Zaboka nan 1 Lit dlo pou 10 minit. Pase nan paswa, bwè 3 tas tyèd X 3 fwa pa jou sèlman.
B)BÈTRAV:
Kale yon bètrav epi graje; prije l nan yon twal pwòp, mete ji a nan yon veso pou konsève l. Bwè l pa kiyè, pran anviwon 7 gran kiyè (100 mL anviwon)pandan tout jounen an, fè sa pandan 3 jou.
C) ZORANJ SI:
Chak maten pran 3 gran kiyè zoranj si pandan w ap pran dòz yo. Si règ la pa vini nan espas 3-7 jou ekri l ou wè ak jineko w.
_____________
AVÈTISMAN: Gen plizyè rezon ki ka lakoz règ ou anreta, pi bon bagay la se chache konnen rasin pwoblèm lan pou ka derasinen l. Asire w se pa ansent ou ansent tou, li enpòtan pou w fè yon tès gwosès sinon remèd fèy k ap soulaje w la kapab abòtif lakoz ou pèdi ti tyovi a san w pa t konnen. Gen anpil pòs ki gen rapò ak menm kalite pwoblèm sa yo, pòs ki fèt menm pou fanm, genyen sou kis, fibwèm, enfeksyon vajinal, fètilite, elatriye…
!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè