Passer au contenu principal

Medikaplant

Planin Grenn Maskreti: Danje ki Gen nan Risin

Medikaplant.org

Nou fè yon zo pòs sou planin grenn maskreti, Facebook bwè pòs sa. Nou regrèt sa anpil paske nou p ap jan m pran tan detaye bagay sa konsa ankò. Men n ap eseye poste esansyèl yo ti kal pa ti kal.

  • Planin grenn maskreti a pa toujou efikas. Ou ka ansent kanmenm, si l pa byen fèt oswa kò w rejte l. Epi se nan moman akouchman an pou w bwè l kou w apenn fin met bebe atè. Lè w tann kèk mwa pase, se mwens garanti. Li mache si l byen fèt men ou gen plis chans pa ka defèt li, pa gen anpil moun ki gen konesans pou defèt sa.
  • Maskreti gen non syantifik li ki se Ricinus communis. Nou ka wè kote rasin mo risin lan soti nan non an. Risin nan natirèlman ekziste nan grenn maskreti a. Malgre se grenn lan yo itilize pou fabrike lwil maskreti oswa lwil derisen (lwil risin) tou men lwil yo pa gen pwazon risin lan ladan yo. Nou mèt kontinye itilize lwil maskreti n jan n vle, dayè se youn nan meyè lwil sou latè. Li chaje ak benefis medisinal.
  • Ou ka pwazonnen tèt ou akoz risin ki ladan l. Risin nan se yon pwazon toksik, jis kounye a lasyans pa gen antidòt pou li. Gen 1-5% risin nan chak grenn maskreti.
  • Se lè grenn yo kraze oswa ou moulen yo, risin lan fòme. Sa vle di lè w ap fè planin sa, pinga malè kraze ni moulen grenn yo. Se tou ankè ou vale yo. Yon grenn pou chak grenn ane, sa vle di 3 grenn ou vale nan moman an.

Medikaplant gen pòs sou plant maskreti, ou ka toujou kontinye fè rechèch ou sou gwo plant enpòtan sa.

MedikaPlant
www.medikaplant.org

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè