Nou dwe entegre fwi nan rejim alimantè nou. Si nou fè l konsa, l ap difisil pou w tonbe fasil fasil devan move zè tankou kowona ak kèk lòt maladi. Fanm ansent k ap bay tete yo ap pede di: Oh wi, pa gen anyen yo ka fè kòm prevansyon. Gen pou tout moun la wi, gwo vant ti vant, baton.

Kèk Engredyan n ka prepare mete nan frijidè oswa prepare yo frèch:
Bètrav – kawòt – konkonm – papay – anana – zepina ak lòt fèy legim/salad – grenn chia, flax, hemp – bwokoli – sitwon – ti chou piti Brisèl yo (Brussel sprouts) – kèk fwi bè (berries) – siwomyèl òganik – zaboka + lòt fwi ak plant alkalin.
Varye plant n ap melanje yo tanzantan. Si n ka pran l san sikre a li pi bon, dayè li deja dous, yon ti siwomyèl p ap deranje sa menm. Bagay gripe konsa konsa a se bliye sa. Bòne kò a.
– Si bwonch moun nan fèb tou, si l toujou ap gripe ou ka mete l nan yon rejim fwi konsa tou.
Gen lòt fwi ak plant toujou nou ka ajoute, men si w USA ti sa nou wè la yo ap dire w anviwon 1-2 semenn epi l p ap koute pase $ 25. Pa gaspiye lajan nan achte grenn Vitam C, ak pil miltivitamin epi lanati deja ba w zouti puisan yo. Lage kòn nan bwè ti ji natirèl nou san mank.
N ap jwenn lòt pòs sou fwi ak byenfè yo sou Medikaplant.
__________///__________///_______////__________
#Medikaplant | #Fwi | #Konnen_ki_Fè


