MEN KÈK BENEFIS MANGO BA NOU
Mango gen anpil benefis, fèy mango a se yon gwo medikaman li ye: ou ka trete òkèt ak li ak si w anwe, pwoblèm dijesyon, fonn pyè nan ren ak vesi, ou ka jere zòrèy fè mal ak trete blese, maleng, fatig, li ka fè prevansyon pou kont tansyon wo epi l ka desann tansyon an tou.
Li ede regilarize maladi sik. Li ede trete enfeksyon nan bouch.
Ou ka fè beny avè l, ou ka fè konprès tou pou trete maladi tèt. Li bay enèji konsa l ede w konbat fatig sitou moun ki about ki pa konn kote pou mete kò yo.
Ou ka trete pwoblèm respiratwa ak li tou.
Nou ka itilize kòs mango ak tout rasin mango a sitou nan boutèy kòs n ap monte kont touto kalite maladi nou site pi wo yo.
Youn nan fèy ak kòs mango nou plis itilize nan tretman se mango fil Ayiti a, se yon gwo tonton zouti ki patisipe nan gwo tretman medikal e olistik.
Medikaplant
www.medikaplant.org
Medikaplant | #Mango




Eske se tout fey mangos, paske gen plizye
Bon kesyon Jill. Ou ka itilize fèy nenpòt pye mango. Pi bon pran fèy vèt an sante oswa jenn fèy ki fèk pouse, pa fèy sèk ki tonbe atè.
Kijan nou ka trete zòrèy femal ak fèy mango a svp medikaplant?
Eskize n pou reta a. Claudy, yo konn chofe yon fèy mango, peze ji l, mete 1 a 2 gout tyèd nan zòrèy la. Si zòrèy la koule oswa doulè a fò, ale wè doktè.