Non syantifik: Cuscuta campestris
Non anglè: field dodder, golden dodder, large-seeded alfalfa dodder, yellow dodder, prairie dodder
Kèk lòt non: Lametye, Lamitye, Amitye, Ametye
M ap kite elèv Medikaplant yo bay non plant sa. Ki jan yo rele plant sa nan zòn lakay nou?

Youn nan plant puisan nou gen sou latè men domaj moun pa konn enpòtans li ase. Anpil fwa yo jis gade l kòm yon plant parazit paske l bezwen branche sou lòt plant pou l ka viv, se nan plant akèy li monte sou li a, l ap jwenn dlo ak nitriman li bezwen pou devlope. Plant sa nan Remèd Plant Ayisyen an, nou itilize l nan gwo trètman sitou lè gen vye maladi k ap manje anndan kò malad la, maladi k ap metastaze rapid nan plizyè pati nan kò a. Tankou fanm ki pran nan gason monte epi parazit l ap pwopaje anndan fi a apati pati prive l desann nan pye epi monte anba ti vant li pou pran tout kò l. Men se konnen ki pou manipile plant yo lè sa, se pa konesans ak teknik ou jwenn nan lari.
Kèk Benefis Plant Genyen:
- Maladi fwa
- Prevansyon kont kansè
- Ede konbat enfètilite, bon pou aparèy repwodiktif moun, bwè enfizyon ou rafrechi
- Ede ogmante enèji libido, bann ak andirans, fanm ki frijid
- Ede rajeni
- Pwoteje kè, prevansyon ak tretman kont maladi kadyovaskilè
- Konbat chanpinyon, antifonjik
- Ede trete osteyoporoz, bon pou zo, sitou moun zo yo frajil depi yo fraktire/tonbe zo kase

Plant sa se yon plant ou mete nan kèk beny puisan pou dezanvoute moun, sitou moun yo lave men, moun devenn ak move sò ap swiv, moun tout sa l fè bloke menm si yon bon bagay koumanse mache pou li sa bloke menm jan ak travay ak relasyon li. Ou ka ajoute li menm ak asosi nan nenpòt beny deblokaj ak devenn, y ap fòtifye beny lan. Men gen beny espesyal fòmil Medikaplant nou konpoze ak plant sa, se koze manb gwoup VIP Medikaplant lan sèlman ka konnen. Se pa tout resèt pwopriyetè nou pibliye sou entènèt la.

Ekzèsis Rechèch pou ou Fè:
Ki jan yo rele l kote w soti a? Ki sa Granmoun konn fè ak li nan medsin tradisyonèl la?
Sou Medikaplant n ap aprann konnen idantifye plant yo epi dekouvri byenfè yo genyen pou garanti sante nou ak lavi nou.
Pandan kanpay bwè te chak jou a, li t ap bon pou n pran yon ti enfizyon plant sa.
Medikaplant
Referans nan Medsin Fèy Ayisyen an



Eske mw ka boutil
Bonjou Davidson! Pou Lametye, pi bon fason an se fè yon enfizyon: bouyi dlo a, retire l sou dife, mete plant lan ladan l, epi kite l kouvri 10 minit anvan w pase l nan paswa. Pa kite l bouyi lontan sou dife. Fanm ansent pa dwe bwè l.
Enfòmasyon sa a se edikasyon sou Medsin Tradisyonèl Ayisyen (MTA). Li pa ranplase konsèy ak swen doktè w.
Merci anpil Medikaplant li tap bon pou nou ta mete koman nou ka preparel pou nou konsome .
Eskize n pou reta a. Bon ide Joane, n ap ajoute preparasyon an nan atik la.
Mesi two piti poum di nou paske nou edem ampil ampil viv Medikaplant
Mèsi anpil Judith!
Merci, mwen renmen travay la anpil, kenbe la
Yo rele li nan peyi bò isit kanada. Griffe du diable
Merci Karolanne pou enfòmasyon an!
je vous remercie sincèrement Que Dieu vous bénisse d’avantage
Mèsi zanmi, chapo ba.