Non syantifik: Uncaria tomentosa
Anglè: cat’s claw
Panyòl: Uña de gato
Yo ba li non sa akoz jan fòm pikan li yo sanble ak grif chat. Se pa plant ki nan rans ak moun, li se youn nan pi gwo plant medisinal ak mistik ki genyen sou latè. Se tankou yon lyann bwa a ye, se kòs bwa a nou plis itilize nan Medsin plant men tout kò l bon. Se yon plant ki bon pou tout sistèm kò a an jeneral, li ede bati sistèm iminitè nou. Se youn nan plant ki preske ka melanje ak tout plant ak ki ranfòse melanj yo.

Kèk nan Pouvwa Grif Chat Genyen:
- Bati defans kò kont tout kalite maladi
- Detoksifye kò n: san ak vant nou, li netwaye trip yo, se yon medsin/lavman natirèl ki sèlman elimine move bakteri yo pandan li founi bon bateri yo. Sa fè l se yon kle pou bon dijesyon ak fonksyonman metabolism nou. Pa bliye majorite maladi soti nan van akoz movèz dijesyon, se pou sa m dwe pran Grif Chat si n jwenn li, l ap ede evite maladi sa yo.
- Se yon gwo anti-enflamatwa
- Li konbat atwoz sou tout fòm bèt, doulè rimatis ak doulè nan tout kò a.

Grif Chat, yon plant mistik
- Pati mistik plant sa nou p ap pale l paske si lòm konnen vèti sa yo, se plis mal y ap fè ak li epi plant sa twò puisan. Pa ekzanp, jan ayisyen Mazanza y ap itilize lyann mòl (Sen konvenk) pou mate frè ak sè ayisyen parèt yo, si yo te konn grif chat la mil fwa pi move epi yo se ka jwenn li, kwè m, yo t ap mal itilize l. An n rete sou pwopriyete medisinal yo sèlman pou kounye a.
Medikaplant
www.medikaplant.org


