Passer au contenu principal

Medikaplant

Bazilik Sakre: Plant puisan, Epis Sante

Medikaplant.org

Se pa san rezon yo gen yo varyete bazilik yo rele: bazilik sakre, anglè a se Holy basil, panyòl Santa Albahaca, e fyèv di Tulsi oswa non syantifik la Ocimum sanctum.

  • Sonje nou di aba maggi | Zewo Maggi. Jete tout nèt epi w ap wè jan sante w koumanse djanm.

Lè w itilize epis natirèl sa, bazilik, li ede sante w an jeneral. Se pa sèl beny chans ak beny lave kay pou n fè ak bazilik. Se vre se youn nan pi gwo plant nan repouse move zè, move enèji ak lespri, ak vye fre oubyen move wonga. W ap jwenn plizyè mak ki vann bazilik, chwazi mak ki bon yo sitou sa ki òganik yo. Gade kis engredyan an pou wè si yo pa ajoute pwodui chimik ladan l. Se sèlman bazilik ki pou do a nan lis la, si l pa yon epis melanje. Ou ka achte plant sa frèch tou, Lè sa l pi bon toujou. Li fasil pou w plante bazilik ak jwenn li nan makèt sitou nan peyi devlope yo. Si w Ayiti ou ka plante l.


Kèk Benefis li genyen:
Li bon pou kè w
Li bon pou sistèm iminitè
Prevansyon kont kansè
Li bon pou sèvèl, Li relakse, yon adaptojèn natirèl pou ede konbat strès
Li ede fokis atansyon , memwa, rete djougan
Ede fwa fonksyone byen
Li plen antiyoksidan ki ede konbat tout kalite maladi
Ede elimine viris, enfeksyon bakteri,
Li anti-enflamatwa natirèl puisan
Ede fètilite pou moun ki vle fè timoun
Li mete gason mòlòlò sou sa

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè