Koulant: Trezò Plant lan pou Doulè nan Pwatrin ak Anpil Lòt Maladi!
Non Syantifik: Eryngium foetidum
Lè n ap pale de lestomak, nou dwe klè: n ap pale de pwatrin, se pa vant moun lan. Nou dwe fè atansyon pou n pa konfonn de zòn sa yo pou n pa lakòz dega nan tretman.
Chak plant gen plizyè pwopriyete, menm si nou konsantre sou yon sèl itilizasyon popilè, sa pa vle di se pou sa sèlman plant sa bon. Pa egzanp, MedikaPlant itilize koulant nan trètman dyabèt tou, men pòs sa a konsantre sou soulajman doulè ak atak nan pwatrin malad la. Se yon plant ki efikas anpil pou pwoblèm sante nou mansyone nan tit la.
Itilizasyon Koulant nan Karayib la (Dapre TRAMIL*)
Men kèk teritwa kote yo vrèman itilize plant sa a, dapre ankèt Pwogram Rechèch Aplike sou Medsin Popilè nan Karayib la (TRAMIL):
- Ayiti: Koulant
- Matinik / Ladominik / Trinidad ak Tobago: Chadwon Benifit Weed
- Repiblik Dominikèn: Cilantro Ancho / Koulant
- Hondiras: Culantro
- Kosta Rika: Culantro de Coyote / Spirit Weed
Itilizasyon Prensipal ak Dòz (Medsin Tradisyonèl)
Itilizasyon prensipal daprè ankèt TRAMIL yo, se fè te dekoksyon ak fèy yo epi bwè aloral.
- Dozaj ak Pozoloji Estanda: 25-30g fèy pa lit dlo | Bwè 2-3 tas pa jou.
Kèk Pwopriyete Plant Sa Genyen
Koulant (Eryngium foetidum) se yon plant ki gen anpil valè:
- Yo itilize l kont lafyèv nan anpil zòn.
- Li bon kont vomisman, balònman, grip, atak ak doulè lestomak.
- Yo itilize l tou kont batman oswa palpitasyon kè ansanm avèk fatig.
Atansyon!
- Si kondisyon maladi a agrave, si lafyèv la ak vomisman an dire plis pase 2 jou, ale lopital rapid vit.
- FANM ANNSENT, sa k ap bay tete oswa timoun ki anba 3 zan pa dwe bwè te plant sa a.
- Verifye pòs sou fason pou n konpoze ak konsome dòz yo sou lyen sa: https://www.facebook.com/medikaplant/posts/545761500509397
Medikaplant
___________________
#Koulant | #chadwon_beni | #doulè_lestomak | #Dyabèt | #MedsinPlant
*TRAMIL (Pwogram Rechèch Aplike sou Medsin Popilè nan Karayib la)


