Passer au contenu principal

Medikaplant

KOLORIN: Remèd Pou Trete Kolorin | Dyare | Kolik Vant

Medikaplant.org

Kolorin se youn nan kichòy medsin tradisyonèl la trete pi rapid pi fasil, yon fwa l ye. Se konen ki fè! Metòd sa fasil, n ap jwenn tout engredyan yo tout kote epi li efikas. Men gen anpil lòt plant ki ka trete sa rapid vit tou pou kont yo tankou Gwayav, Matico, Cullen elatriye. Men fòmil rapid la:

Men dòz medsin tradisyonèl pou trete kolorin: gwo vant fè mal, kolik vnat, dyare, vomisman, fyèv
ENGREDYAN:

1 Koka + Farin Frans +/- Lanmidon

PREPARASYON:

Kolorin fasil pou jere: Pran anpe nan 1 Koka glase byen glase mezi ki ka fè 3/4 yon vè nòmal epi 1/2 ou 1 ti kiyè farin frans oswa ou itilize lamidon pito; brase tout ansanm, vide l nan yon gode/tenbal/vè epi bwè melanj sa. Yon 1 vè sifi pou jere sa.

Gen moun ki konn itilize sitwon + sèl + koka, bon sa ka mache men pwoblèm nan si moun sa soufri tansyon wo ou ba li sa ou ka menm tiye l. Epi gen anpil lòt konplikasyon, kidonk fè atansyon. Sa n ba w la pi efikas epi prezante mwens danje. Nou fè wout kout, nou itilize yon koka plis plant. Men tou aprann sa tout engredyan nou itilize nan remèd fèy nou konsidere yo kòm yon medikaman menm jan ak tout plant. Fè dòz granmoun sa epi w a temwanye. N ap mete yon temwanyaj pi ba a pou ou.

__________///________________///________________////______________________

#Medikaplant | #Kolorin | #Lanmidon | #Farin_Frans

Si w renmen travay la sipòte l, envite zanmi like ak abòne ak #Medikaplant pou yo pa rate fòmil ki pral tonbe pou sezon sa.

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè