Emowoyid, plen fason natirèl nou ka trete l, gen te nou ka pran pou anndan nou, gen plant ki efikas, konsa tou gen lòt dòz nou ka fè e aplike topikalman (sa vle di pa deyò). W ap toujou jwenn plizyè pòs sou Medikaplant sou chak maladi nou prezante.
Lòt non: emwoyid/emewoyid (varyasyon non an kreyòl) hemorrhoids (anglè), hémorroïdes (fransè), hemorroides (panyòl).
Ki sa Emowoyid ye?
Emowoyid se veso sangen ki nan alantou twou dèyè moun nan ki gonfle ou anfle. Natirèlman nou tout gen veso sangen yo nan pati twou dèyè n men pafwa pou kèk rezon yo konn vin gonfle ou anfle nan ka sa gen kèk sentòm ki koumanse manniganse, yo konn souvan bay w doulè, ou ka santi twou dèyè w ap pike w, gen moun ki konn menm panse se vè yo genyen, ka gen san nan twalèt ou ka konstate sa lè w fin siye. Nan moman sa yo ou konstate sentòm emowoyid la, ou panike. Rilkas, gen solisyon natirèl menm jan gen solisyon doktè w ka pote pou ou tou. Pafwa tou ou ka santi yon ti boul soti nan twou dèyè w ou arebò a, gen moun k ap di w gen yon ti chè ki soti nan twou dèyè yo. Lè sa emowoyid la ekstèn (soti deyò), men gen fwa emowoyid la entèn (li sou anndan) li rete sou anndan. nan tou de ka, ou ka gen doulè w pa ka sipòte lè w ale eseye twalèt. Se pa djab k ap manje w, se emowoyid, pran kontwòl sa, trete l natirèlman ak plant.

Si sa pa twò grav, ou pa vrèman bezwen anpil bagay pou w jwenn solisyon. Nou renmen prezante w fòmil ki senp e fasil pou fè paske lè gen ijans epi konn manke mwayen, nou bezwen resèt ki fasil pou ekzekite pou sove lavi.
Dòz # 1: se yon fòmil sekrè ki soti nan nannan medsin fèy Ayisyen an. Se vre li ka parèt dwòl pou kèk nan nou ki gen yon fòmasyon oksidantal men se yon fòmil ki efikas e jiska dat li trete tout moun ki te fè l kòrèk pou konbat emowoyid.
ENGREDYAN:
Chache yon fèy maskreti vyolèt + yon ti lwil maskreti + yon ti bout savon lave.
PREPARASYON ak ENSTRIKSYON:
Grese fèy la ak lwil maskreti a, chofe l lejèman, epi pran yon ti bout nan savon lave a koupe l tou piti tankou yon ti tanpon medam yo konn itilize a lè yo gen règ yo. Kouvri ti savon sa ak fèy maskreti sa, apre sa peze l rantre, epi kenbe l anndan pou de twa minit, plis tan ou ka ka sipòte l pi bon; fè omwen 5 minit.

Men 2 lòt dòz ou ka fè si w pa gen aksè ak engredyan pou w fè #1 an oswa si w pa two grav, oubyen emowoyid la pa soti (ti chè a pa soti nan dèyè w) oswa ou manke konfòtab pou fè #1 an. Men #1 an san mank.
2èm dòz: Ou ka bouyi fig la ak tout po…epi manje ni fig ni po a ansanm pandan de twa jou jouk li fikse. Li dwe amelyore.
3èm dòz: Oswa ou pran po fig la, ou bouyi li, epi ou pran dlo a pou lave pati ki afekte ak emowoyid la.
- Depi nou soufri emowoyid, piman pa zanmi nou. Evite plant ki ka chofe, irite ou anvliman bout anba nou. Pa neglije bwè likid nou, sitou dlo, rafrechi, dlo kokoye, oswa tizann bab mayi ou ji pòpòt bannann. Pran bon fib (fiber), konsome fwi frèch ak anpil fèy salad, elatriye. Si w USA ou ka achte lwil esansyèl plant Witch Hazel ak Horse-Chestnut, melanje yo 60:40 ou 70:30 epi lage ou pase 2-3 gout 2 a 3 fwa pa jou jouk ou elimine pwoblèm nan. Ou ka konsome plant sa yo tou. Gen krèm natirèl nou ka konpoze pou pase sou pati ki afekte a. Gen divès fason pou elimine pwoblèm nan natirèlman.

Dòz #1 an efikas anpil li trete tout mooun ki fè l jiska prezan men si pwoblèm nan ta pèsiste konsilte pwofesyonèl sante w la oswa doktè prive w rapid vit. Pòs nou yo konseye w epi edike w sou enpòtans plant yo men yo pa fèt pou ranplase konsiltasyon ak ekspètiz doktè w.
Medikaplant
www.medikaplant.org



Eske siw ansent ou ka fè remèd yo tampri fèm konnen
Bonjou Farrah. Si w ansent, pa fè remèd yo san doktè w ki swiv gwosès la pa dakò. Gen plant ki pa bon pandan gwosès. Pou kounye a, ou ka fè ti beny chita nan dlo tyèd pou soulaje w.
Mèsi pou tout travay wap fè ah
Kesyon pam nan se 1 dòz lan èske li tretel nan anndan ni deyò Mèsi
Mèsi Pierre Andre! Gade enstriksyon ki anba chak dòz: sa ki se te oswa bwason se pou bwè (anndan), sa ki se beny chita oswa pomad se pou mete deyò. Si w gen dout, ekri n sou WhatsApp 954 529 0705.
Mesi pou konsey yo ak reset yo,mpral fel apres ma pote résultats
Mèsi Romis, n ap tann rezilta yo!
@Edgard, fè sa nou di nan pòs la si w vle solisyon. Ou mande nou ede w men nou deja ba w èd la ou pa pran tan w li sa ki ekri a. Anplis dòz nou bay yo, si l grate w, ou ka jis pase lwil maskreti a sou gratèl la epi w ap kòrèk.
Mèsi Vye Ewòl
Avèk plezi Djenny!
Mèsi anpil MP
Avèk plezi Coriolan!
Merci beaucoup Ton Vye.🥰
Avèk plezi Florcy!
Mèsi anpil pou enfòmasyon sa yo.
Avèk plezi Line!
Nan resèt yo Mwen t’ap renmen konnen kon byen fwa ou dwe fè remèd la,pou konbyen tan
Repons kesyon an nan pòs la, se swa ou pa li oswa w pa fin twò konprann pòs la. Reli l ankò souple.
Mèsi pou konsèy ak resèt yo felisitasyon pou kouraj nou
Mèsi Jean Alex!
Je souffre de cet mal depuis longtemps , mais cette fois-ci ca me gratte c’est comme une brulure et ca m’empèche de m’assoir sans cette gratelle . Pouvez vous m’aidez
Désolé pour le retard. Edgard, une démangeaison avec brûlure doit être vue par un médecin. Le bain de siège tiède peut soulager. Pour un accompagnement : https://medikaplantshop.com/consultation/