
Beny sèk vle di yon beny ou fè san w pa mete dlo ladan l men pito ou itilize lòt likid (solisyon). Nan tèm teknik ou pa itilize yon baz akez men pito yon baz alkolik; nan ka beny sa nou itilize kleren blan ki fò anpil (nazon, tèt chòf, 22/22, vodka, wonm blan) ansanm avèk alkòl (li ka 91′-97′, nenpòt alkòl blan yo konn itilize pou netwaye plè yo, se blan pou n itilize).
Se yon beny anti-poud li ye men sitou poud moun pran ki ba yo sansasyon bèt l ap mache sou po yo oswa anba po yo. W ap grate san rete, pafwa l ap fè san w tresayi tanzantan, w ap pase men w tankou gen bèt k ap mache sou po w oubyen anba po w, tout remèd ou fè pa fouti mache. Anplis, beny sa ap ede w elimine gratèl, l ap ede w elimine ti bèt envizib k ap mache sou po w e anpil fwa ki pike ou ak grate anpil.
ENGREDYAN:
Pèsi + Fèy Papay + Gwo Ten + Zoranj Si + Pwav + Lwil Maskreti + Alkòl + Kleren Blan

PREPARASYON:
Bouyi yon kleren blanch pile pèsi ladan l; prije 3 sitwon ajoute epi pran 3 fèy papay pile mete yo avèk 3 fèy Gwo Ten ansanm ak yon zoranj si, mete pwav plis lwil maskreti; ajoute de twa gout alkòl nan melanj sa.

POZOLOJI & ENSTRIKSYON ENPÒTAN:
Benyen san dlo san savon. Epi simen ma yo epi mache sou yo, pilonnen yo ak pye w. Mete l sèch, apre sa boule l. Epi, pran poud la: fè 7 jou, chak w ap benyen mete ladan l.
- Fè beny sa, se yon beny ak sèk, sa vle di, li pa melanje ak dlo, ou ka fè 7 jou, si gen nesesite nou ka kontinye l pou 2 semèn jis nou elimine vye maladi sa. Toujou tranpe bwa pen nan dlo cho pou n bwè kòm rafrechi ak tizann tout jounen pandan tan sa.
Medikaplant
www.medikaplant.org
Platfòm Referans Medsin Tradisyonèl Ayisyen an



Eske mw ka pase li nan figim tou?
Eskize n pou reta a. Non, pa mete l nan figi w. Po figi a pi sansib.
Bonswa Medikaplant
Mw wè rèsèt kont gratèl la men pafwa gen sansasyon tankou yon bagay ap mache anndan vant lan tou.
Koman ou ka edem ak yon medikaman svp?
Eskize n pou reta a. Pascal, sansasyon k ap mache nan vant ka gen plizyè koz, tankou vè oswa gaz. Pran yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/
Premye jou lp fè beny sa li ap fè li san dlo e lot jou yo c poud la lp mete nan dlo lp benyen an, mèsi davans pou repons lan
Eskize n pou reta a. Wi Daniel, se sa menm.
Bonswa/ Bonjou Medikaplant,
Nan preparasyon resèt la ou di pou nou « bouyi yon kleren blanch » kantite a pa klè. Eskew se yon bouchon, yon lit, yon boutey, oubyen yon galon?
Mèsi pou bon travay la!
Eskize n pou reta a. Sheil, se yon ti boutèy (anviwon 1 tas) kleren blan.
Bon travail
Merci Nathan!