Beny Fen Ane pou louvri baryè yon lòt ane k ap rantre. Se yon beny ou ka fè nenpòt la, men li efikas anpil pou moun ki bezwen yon beny pou fè nan fen ane a, oswa kòmansman ane k ap rantre a. Se youn nan beny ki pi puisan nou gen sou paj la, se yon kopozisyon orijinal Medikaplant, l ap ede w kwape vye enèji ou ranmase pandan ane a, epi elimine yo pou w pa travèse nan nouvèl ane k ap rantre a. Li ede w libere ekla w. Ou ka fè beny dyòk/giyon/devenn anvan w fè beny sa si w vle. Beny Louvri Baryè a ou jis fè l yon sèl fwa ou pa bezwen fè l de fwa nan fen ane oswa nan nouvèl ane a. Si w vle ou ka fè l nenpòt jou ou vle, ou ka fè l pou timoun ou granmoun. Si w vle dechaje tèt ou, oswa ou santi w mare oubyen w pa konprann kò w, sa se yon gwo beny ou ka fè.
ZETRENN Espesyal | Dòz olistik ki soti nan matris lanati ak nan limyè #Medikaplant pote pou tout zanmi ki chwazi fè pati fanmi medsin fèy tradisyonèl lakay. Sa se beny limyè pa n, yon beny balans k ap ban n bon fondasyon. Li bon ni pou granmoun ni pou timoun.Se bagay santi bon nèt al kole. Nou pa bezwen pase pil vye bagay santi sou nou. Lanati lage bagay nan men nou. Nou fin fè beny sa epi lapè.
Gade sou imaj la pou wè lis engredyan yo ak jan pou w fè Preparasyon an:

Engredyan: 1) Fèy ak flè ilan-ilan (ilang-ilang , non syantifik Cananga odorata, non anglè se Cananga Tree); ou ka itilize ni fèy ni flè men flè a ansanm oswa sa w jwenn lan, ou ka achte lwil esansyèl la si w pa ka jwenn flè/fèy la. 2) Fèy zaboka; 3) fèy lorye; 4) Fèy Kowosòl; 5) Fèy Bwa Pini; 6) Sèt grenn Maskreti; 7) Anpe Kleren (Kleren blan Ayisyen oswa Vodka, Wonm blan)
An n kwape vye enèji pou n ka libere ekla n gras ak don lanati ofri nou sou latè. Beny se yon fason sakre pou n amonize n ak lanati, netwaye ora nou, libere vrè ekla limyè ki anndan nou. Se pou sa apati moman sa Medikaplant deside pataje anpil fòmil beny nou ka fè pou gerizon ak prevansyon kont malè vizib ak envizib. Plant yo gen fòs pou regle pwoblèm yo. Se tan pou n valorize plant yo. Se tan pou n plante.
Sispann depanse pil lajan bay moun benyen nou. Benyen tèt nou ak pitit nou, tout sa se bagay natirèl. Pa bliye pataje epi mande tout kontak nou alawonnbadè pou Like ak abòne ak paj la pou sipòte travay sa epi ede lòt moun jwenn ti limyè.
Medikaplant
#Beny | #Lanati | #Beny_Fen_Ane | #Remèd_Fèy



Mèsi pou kokenn chenn travay wap fè.
Mèsi anpil Stéphanie!
Èske Nou paka ajoute 3 Dan lay avèk 21grenn jiwòf nan beny an
Eskize n pou reta a. Wi Neptune, ou ka ajoute yo. Lay ak jiwòf gen bon odè e yo pwòpte, yo mache byen nan beny sa a.
Eske nou paka ajoute jiwòf avèk lay
Neptune, mwen reponn ou nan lòt kòmantè a: wi, ou ka ajoute yo.
Bonjour mesye mwen ta renmen fe beny lan mw abite USA . Men m pa vrèman knnen kote map jwenn fèy yo svp ou ka ede m??
Eskize n pou reta a. Ozetazini, ou ka jwenn anpil fèy sa yo nan boutik ayisyen, ispanik oswa karayibeyen (botánica). Ou ka jwenn fèy sèk sou https://medikaplantshop.com tou.
Bjr, eske m ka fè yon sel kivet beny pou 3 timoun ak tet mw ansanm evo? Mèsi
Eskize n pou reta a. Pi bon fè yon kivèt pou chak moun, oswa omwen chanje dlo a pou chak moun. Pou timoun yo, fè l pi lejè.
Bonswa,E sim pa gen kivet blan mpa ka fel nan yon lot veso? Svp
Eskize n pou reta a. Wi Pauline, ou ka fè l nan yon lòt kivèt pwòp.
Bon bagay
Mèsi Ronaldine!
Bonswa Medikaplant! Premye fwa mw vin la.Siw aletranje tankou USA ki beny mw ka fe pandan fen Ane a svp.?map tou diw kontinye pou bon Travay sa wap fe a🙏🏾🙏🏾
Eskize n pou reta a. Markensy, ou ka fè Beny Louvri Baryè a menm Ozetazini. Ou ka jwenn fèy sèk yo nan boutik ayisyen oswa botánica.
Bonsoir mwen anvi fèl m’en mpap jwenn fey yo kotel ye a
Eskize n pou reta a. Moustaphare, ou ka jwenn fèy yo nan mache oswa boutik ayisyen. Fèy sèk mache tou.
Bonjou medikaplante e mèsi pou tout konesans sa yo.mta renmen konnen sim pata kan jwen fèy ilan ilan an eskem pataka ranplasel pa yon lòt plant,pa egzanp flè ak fèy bazilik.
Eskize n pou reta a. Wi, ou ka ranplase ilan-ilan an ak bazilik.
Mèsi MedikaPlant
San kanpe l ye
Mpral òganize m poum fel
Avèk plezi Marie Daniel!
Bonswa medikaplant!Mèsi pou sipò’w ak tout konesans sa yo ou chwazi pataje ak nou.Eske mwen ka fè beny sa pou yon bébé 18 mwa?Si yn fanmi ki gen 3 moun ap fèl eske li ka fè yon sèl beny men savon an ap diferan jan ou di nou an?Mèsi!!!
Eskize n pou reta a. Guerloudy, pou yon bebe 18 mwa, pa fè beny sa a. Pou granmoun yo, pi bon chak moun gen pwòp dlo pa l.
Mèsi. Nou pral pratike. N ap vin ba w rezilta.
Se rezilta a ki konte. N ap tann ou. Nou renmen sa.
Bsr
Mwen besoin feuille avek fleur Ilan Ilan, feuille bois Pini, avek feuille Lorye y’a. S’ils vous plais pou mwen acheter.
Eskize n pou reta a. Nat, fèy sèk yo pral disponib sou https://medikaplantshop.com.