Passer au contenu principal

Medikaplant

Medikaplant.org

Beny fèy se yon metòd terapi ki efikas anpil epi moun pa itilize ase. Men nan tradisyon Remèd Fèy Ayisyen an, beny enpòtan menm jan ak dòz te, monte boutèy ou ralman pa ekzanp. Youn nan misyon #Medikaplant se demistifikasyon « beny fèy. » Majorite beny y ap di mistik yo se beny terapetik ki se yon metòd puisan pou fè prevansyon ak trete maladi. Beny sèvi pou elimine ak netwaye vye enèji, pwòpte ora moun. Itilize non syantifik yo ki ant parantèz pou chache non plant sou nèt oswa jwenn non yo nan lang ou vle a.

  • Pataje | Abòne pou pa rate | Pataje pou ankouraje travay la.

ENGREDYAN:

Bazilik (Basil) + Flè choublak (Hibiscus flower)+ Flè Doliv (Moringa flower) + Flè Bonbonyen, li rele Milflè (Lantana camara) + Fèy Zoranj Si wòwòt (ki pa rèk / sour orange) + Womaren (Rosemary) + Jenjanm (Ginger) + Kanèl (Cinnamon) + Anetwale (Anise star).

PREPARASYON:

Pran 3 ponyen nan fèy ak flè yo mete nan yon kivèt dlo. Pile 3 bout jenjanm ak tout po lejèman pinga kraze yo twòp, 7 bout kanèl oswa 3 ponyen fèy kanèl (si w jwenn), 1 ponyen Anetwale. Ajoute tout ansanm. Si w vle ou ka ajoute 3 ti gout kleren, 3 ti gout pafen. Pase beny lan solèy pandan yon ti tan (45 min anviwon ou plis). Benyen soti nan tèt ale nan pye ak yon moso savon lave (san lave, sa vle di, ki poko itilize). Si w gen yon plant pami lis la ou pa jwenn ou ka ne fè beny lan ak sa w jwenn yo.

Beny sa bon timoun kou granmoun. Nou ka fè beny yo nenpòt jou. Men li preferab pou fè beny grip nan solèy midi ou solèy cho. Ou ka fè dekoksyon (bouyi) engredyan sa yo tou pou bay moun nan bwè 1 tas 2-3 fwa pa jou. Sonje nou ka fè beny lan nan nenpòt veso, nenpòt koulè. Si n ap fè l pou de twa jou, nou dwe itilize lòt engredyan nèf pou sa, pa itilize ma beny nou te fè anvan an. Jete ma yo nan fatra, nan rivyè dlo oswa lanmè si w pre lanmè, oswa fouye twou antere yo. Pa lese malfektè jwenn ma beny ou.

Medikaplant

www.medikaplant.org

__________///________///___________///__________

#Medikaplant | #Beny_Fèy | #Grip | #Beny_Grip

!Enfòmasyon sa yo se pou edikasyon. Yo pa ranplase konsèy yon pwofesyonèl sante. Fanm ansent, fanm k ap bay tete ak timoun piti dwe konsilte yon doktè anvan yo sèvi ak plant medisinal.
Atik similè
Pataje atik la
Facebook
Twitter
LinkedIn
WhatsApp
Email
★ Hoïs VIPKontni eksklizif ak konsiltasyon

Rabè sou MedikaplantShop, kou Hoïs Inivèsite ak aktivite prive.

Vin manb ↗
Medikaplant ShopRemèd natirèl pare pou ouAchte kounya ↗

Kite yon kòmantè