N ap montre nou yon boutèy bann pou gason kanson. N ap pran yon boutèy ki deja fèt kòm modèl men se pa nou ki fè boutèy sa, n ap ranfòse l pou nou ka aprann.
Gen de bagay pou n ta korije nan boutèy sa:
1e Bagay la = Boutèy fredi a dwe fèt apa epi boutèy bann lan apa paske gen plant la ki pa dwe melanje. Pa ekzanp, Lyann kayiman an pa dwe melanje ak tout lòt kòs sa yo. Li bon pou fredi a nou ka mete l nan boutèy fredi a. Boutèy fredi se 2 a 3 plant epi w fini.

2e Bagay la= Gade lis engredyan sou boutèy la, epi pi ba a w ap lis amelyore pa nou an.
Bwa kochon
Lyann bande
Bwa chandèl
Bwa Fè
Rasin vetivè (ou ka itilize l men l plis pou fredi)
Ti Gason
Bwa banni
Jiwòf
Miskad
Zo devan
Jenjanm
Safran
Kanèl
Grenn ou rasin moringa
Si w USA achte anliy:
Yohimbe (kòs = bark)
Ginko biloba
Damania
Ginseng
Horny goatweed (sa se yon kle frajil)
Si w Amerik latin: achte Sarsaparilla
Ou ka ajoute yo ladan l. Pa bliye pran ti Maca nou sitou nèg mòlòlò se maladi sik ki pran bann yo.

Diplis:
Likid pou mete nan boutèy la: Kleren blan, ou ka mete Rhum blan tou ou Barbancourt, ou ka ajoute gwòg ou renmen men pa mete wiski, Brandy ou alkòl ki deja twò melanje. Ajoute ti diven wouj rak sa ki pa dous. Ou ka ajoute yon ti siwomyèl tou piti pou amelyore gou boutèy la ak yon ti anetwale ou penpennèl oswa bazilik ki li tou bon pou gason ak fètilite.
Medikaplant pa dakò pou nèg y ap pran jouman mal. Jouman fanm se pèsekisyon tande Mesye yo. Jere fwaye nou, mete gason sou nou.
Nou monte boutèy bann ak konpoze pwodui bann ak bande sou kòmand espesyal pou USA ak Kanada, pou moman an, moun Ayiti yo jis aprann fè l isit la paske moman an nou poko ofri sèvis sa Ayiti.
Medikaplant
www.medikaplant.org



Bonswa map viv New York mwen ta renmen ahete yon boutey fredi
Bonswa Falange. Wi, tout boutèy yo sou sit nou an medikaplantshop.com, e nou voye nan tout Etazini, New York tou. Si w bezwen èd pou kòmande, ekri n sou WhatsApp 954 529 0705.
Bonswa mesye Ewòl. Map viv la France, m ta renmen achte yon boutèy pou bann, èske lap posib stp?
Bonswa Wood. Tout boutèy yo sou medikaplantshop.com. Pou livrezon an Frans, ekri n sou WhatsApp 954 529 0705 pou n wè opsyon yo.
Bonsoir Mr et madame
Sil vous plait kote mwen ka jwènn bouteille sa a achte
Men se pou bann
Eskize n pou reta a. Tout boutèy yo sou https://medikaplantshop.com. Si w bezwen èd, ekri n sou WhatsApp 954 529 0705.
Bonswa koman yè? Svp mw ta renmen achte yon boutey men se pou bann koman mw kapab jwenn s
Eskize n pou reta a. Tout boutèy yo sou https://medikaplantshop.com. Si w bezwen èd, ekri n sou WhatsApp 954 529 0705.
Slt monsieur Vye ewol!Je suis marié et je n’ai pas de “ban.” Voudriez-vous me préparer s’il vous plaît une bouteille contre impotence sexuelle?
Mon point de contact est le 954-639-3354 et je vs remercie d’avance.
Bonjour Patrick, désolé pour le retard. Tous nos produits sont sur https://medikaplantshop.com. Écrivez-nous sur WhatsApp au 954 529 0705. Je vous conseille de supprimer votre numéro de ce commentaire public.
Mwen bontey
Eskize n pou reta a. Elange, tout boutèy yo sou https://medikaplantshop.com.
M kontan li atik sa a men et se Yon problèm espirityel ki fè sa, ki solisyon ki genyen.
Eskize n pou reta a. Francois, si w vle pale de pwòp ka pa w, pran yon konsiltasyon: https://medikaplantshop.com/consultation/
Kibo mw ka jwenn boutey sa achte sim paka fel?
Eskize n pou reta a. Tout boutèy yo sou https://medikaplantshop.com.