#Kanpay_Bwè_Te_Chak_Jou | #Medikaplant
LI BON POU: Vant Fè Mal | Lachman | Kolik ![]()
ENGREDYAN: KAMOMIY
Non Syantifik: Matricaria recutita | Matricaria chamonilla
Lòt non: Kamomil, Flè solèy
Fransè: Camomille | Matricaire Camomille
Anglè: Chamomile | Scented Mayweed

Panyòl: Manzanilla
Ki Jan w Ka Prepare Te Kamomiy
PREPARASYON:
Bouyi 1 ponyen fèy nan 1 Lit dlo pou 10 minit. Pase nan paswa epi te a pare. Sikre l ak siwomyèl oswa rapadou ou sik wouj òganik. 2-3 tas pa jou pou 3 jou. Si w pa amelyore ale wè doktè w oswa kontakte nou.
KÈK LÒT BENEFIS TE KAMOMIY GENYEN:
– Amelyore sistèm iminitè w
– Li ede kontwole nivo sik ki nan san w (antidyabetik)
– Ede w dòmi | Trete ensomni | Amelyore somèy
– Trete kèk maleng | blese ak enfeksyon po
– Bon pou swen ou sante cheve w.
– Kalman | trete enyetid ak strès
– Diminye risk tiwoyid
– Prevansyon kont kansè tete
– Ede konbat doulè règ
– Vant Fè mal | kranp ak kolik vant
– Ede rezoud plizyè kalte pwoblèm dijestif
– Bon pou sante kè w

ENPÒTAN: Machann fèy Ayiti konn genyen kamomiy lokal la pou vann. Ou ka achte l sou nèt la tou oswa si w USA #Medikaplant ka sèvi w. Pa pibliye poste foto kote w ap bwè te ou kalite te w ap bwè a sou paj pwofil ou epi ankouraje zanmi bwè te chak jou pandan omwen 21 jou. Voye foto pou nou ka pataje ak zanmi nou yo k ap swiv paj #Medikaplant lan.
Medikaplant
www.medikaplant.org
__________________________________________
Pou Konn 21 dòz yo klike sou lyen sa: https://www.facebook.com/medikaplant/posts/294279455657604


