Te Gaz | Balonnman | Gonfleman:
ENGREDYAN:
Jenjanm | Po Lay | Ten | Tibonm | Jiwòf | Womaren | Gwo Ten (dous la)

DIPLIS: Rasin Ave | Siwomyèl òganik/sitwon/sèl
PREPARASYON:
Bouyi 3-4 bout jenjanm (pile/kraze) + kale 4-5 dan lay pran po yo ajoute yo + 2-3 branch ten + 1 ponyen tibonm | mant + 5-7 klou jiwòf + 2 branch Womaren (Rosemary) + 3-5 fèy Gwo Ten dous + pandan 7 minit. Pase l, vide nan veso ajoute kèk gout sitwon ou siwomyèl òganik pou gou a. 2-3 X jou swivan bezwen. Ou ka fè l ak sèl san jenjanm nan. Gaz l ap obeyi kanmenm. Sinon frape l yon ti rasin ave bouyi + 2-3 grenn sèl. Epi lapè.
Medikaplant gen plizyè dòz pou pwoblèm dijesyon
N ap gen pou n pataje plizyè lòt melanj pou gaz, balonnman, gonfleman, ak anpil lòt pwoblèm dijesyon. Gen plizyè fòmil ak anpil plant ki ka ede nan domèn sa. N ap gen pou pataje anpil nan yo. Men sonje, fanm ki ansent ou k ap bay timoun tete pa dwe pran te sa yo san yo pa fè rechèch pèsonèl ou konsilte pwofesyonèl sante y ap swiv la. Pou plis enfo sou nenpòt plant lan e sitou sa ki site la yo, pinga w ezite ekri nou.
Envite kèk zanmi Like | Abòne ak paj Medikaplant lan si nou renemn volim travay k ap fèt la. Se fason pa nou pou sipòte mouvman pou pataje limyè sou remèd fèy lakay nan lide pou amelyore | pwoteje lavi nou. Epi tradisyon an pa ka mouri, n ap asire n fè transfè konesans ak jeni pèp nou an.
_________///____________///_____________///__________________
#Medikaplant, #Konnen_Ki_Fè, #Rasin, #Ayiti, #Remèd_Fèy, #Remèd_Rasin, #Te_Gaz



Bonjou ,mwen apèn leve ak yon vant fè mal lem frape vant mwen li pouf ,mpotko menm monte sou Medikaplant mgentan al nan famasi plant mwen m met t bouyi epim di banm tcheke Medikaplant,ohoh msezi wè tt sam mete yo eksepte yon sel ki pa nan lis lan ak jenjanm nanm pa mete ,#Medikaplant ou ap fome anpil moun.
N.B: avanyèm fè manmanm fè beny dyok ak poud kafe,lalwa &bazilik lan pou yon ti nevem kap plede malad.Merci Ton Vye
Mèsi anpil Labelle! Kontan w te jwenn sa w te bezwen.
Ki te yon fanm ansent ka pran sil gonfle?
Eskize n pou reta a. Fanm ansent pa dwe pran te sa a san doktè w dakò.